[1] Yon sòm David. Letènèl, se ou menm m ap rele. Woche mwen, pa fè tankou ou pa tande m. San pa sa, si ou fè tankou ou pa tande m, M ap tankou moun k ap desann nan twou.
[2] Tande bri plent mwen yo, lè m kriye ba ou, Lè mwen leve men m nan direksyon nan sangtyè.
[3] Pa pote m ale ak mechan yo ak moun k ap komèt inikite yo, Moun k ap pale an pè ak pwochen yo, men, ki gen mechanste nan kè yo.
[4] Pini yo daprè zèv yo, daprè move aksyon yo; Pini yo daprè travay men yo. Ba yo salè yo merite a.
[5] Paske, yo pa fè ka de zèv Letènèl yo, Travay li fè ak men li. Se pou Letènèl detui yo, epi se pou l pa mete yo kanpe ankò.
[6] Se pou Letènèl beni. Paske, se li menm ki te tande vwa m, lè m t ap plenn nan.
[7] Letènèl se fòs mwen, li se boukliye mwen. Se li kè mwen fè konfyans, epi li pote l sekou. Kè m kontan anpil, m ap louwe li nan chan mwen yo.
[8] Letènèl se fòs pèp li. Se li ki woche delivrans moun li chwazi a.
[9] Sove pèp ou. Beni eritaj ou. Se ou ki pou bèje yo e sipò yo pou tout tan.