Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:57

[1] Yon sòm David. Lè li te pretann li fou devan Abimelèk ki te kouri dèyè li pou l ale.

[2] M ap beni Letènèl tout tan. Lwanj li ap toujou nan bouch mwen.

[3] Se pou nanm mwen vante tèt li nan Letènèl. Se pou malere yo tande, pou yo fè kè yo kontan.

[4] Egzalte Letènèl avèk mwen. Se pou nou tout ansanm leve non l byen wo.

[5] Mwen te chèche Letènèl, li te reponn mwen. Li te delivre m anba tout laperèz mwen yo.

[6] Lè yon moun gade Letènèl, li briye, Epi figi l p ap kouvri ak lawont.

[7] Lè yon malere kriye, Letènèl tande, Epi li sove l nan tout detrès li yo.

[8] Zanj Letènèl la kanpe toutotou moun ki gen krentif pou Letènèl Pou li rache yo nan danje.

[9] Goute pou nou wè jan Letènèl bon. Benediksyon pou moun ki chèche refij nan li!

[10] Gen krentif pou Letènèl, nou menm moun li yo ki sen. Paske, moun ki gen krentif pou li yo pa manke anyen.

[11] Ti lyon yo konnen dizèt ak grangou, Men, moun ki chèche Letènèl pa manke okenn bon bagay.

[12] Vini, pitit mwen yo, tande m! M ap montre nou pou nou gen krentif pou Letènèl.

[13] Ki moun ki dezire lavi, Ki ta renmen anpil jou pou l ka wè bonè?

[14] Prezève lang ou kont sa ki mal. Prezève bouch ou kont riz.

[15] Evite sa ki mal, fè sa ki byen. Chèche lapè, epi pousuiv li.

[16] Paske, je Letènèl sou moun ki jis yo, Epi zòrèy li koute kri yo.

[17] Men, Letènèl detounen figi l kont moun k ap fè mal yo, Pou l fè moun bliye yo sou latè.

[18] Lè jis yo kriye, Letènèl tande. Epi li delivre yo nan tout detrès.

[19] Letènèl toupre moun kè yo dekouraje. Li sove moun ki kraze nan lespri yo.

[20] Malè frape jis la souvan. Men, Letènèl toujou delivre l.

[21] Li gade tout zo li yo, Youn pa kase.

[22] Malè tiye mechan, Epi moun ki rayi jis la jwenn chatiman.

[23] Letènèl delivre nanm sèvitè l yo, Epi tout moun ki chèche refij nan Letènèl chape anba chatiman.

Liv Sòm Yo — Chapters