[1] Pou maestwo koral la. Daprè Jedoutoun. Yon sòm David.
[2] Wi! Se Bondye nanm mwen ap tann an silans. Se nan li delivrans mwen soti.
[3] Wi! Se li menm ki woche mwen, delivrans mwen; Li se refij mwen, mwen p ap janm bite pou m tonbe.
[4] Kilè n a sispann atake yon nonm? Kilè nou tout ap sispann chèche kraze l, Tankou yon miray ki panche, Tankou lantiray k ap vide?
[5] Wi! Y ap fè konplo pou yo jete l nan gwo pozisyon li. Yo pran plezi nan manti. Yo beni ak bouch yo, Men, yo modi ak kè yo. – Poze!
[6] Wi! Nanm mwen, tann Bondye an silans. Paske, espwa mwen se nan li.
[7] Wi! Se li menm ki woche mwen, delivrans mwen, Li se refij mwen, mwen p ap bite.
[8] Se sou Bondye delivrans mwen ak glwa m chita, Li se woche fòs mwen, refij mwen se nan Bondye.
[9] Nou menm pèp, konfye nou nan li tout tan. Repann kè nou devan li. Bondye se yon refij pou nou. – Poze!
[10] Wi! Pitit Adan yo, se souf ase yo ye. Pitit lòm yo se manti. Yo tout ansanm te mèt monte nan yon balans, Yo pi lejè pase yon souf.
[11] Pa kwè nan fè brital. Pa mete fo espwa nan vòl. Lè richès miltipliye, Pa kite kè nou atache avè l.
[12] Bondye pale yon fwa, An de fwa, mwen tande sa: Se Bondye ki gen pisans.
[13] Senyè, se pou ou bonte ye, Paske, se ou menm ki bay chak moun rekonpans daprè zèv yo.