[1] Pou maestwo koral la. Yon sòm David. Bondye lwanj mwen, pa fè silans.
[2] Paske, mechan ak trèt louvri bouch kont mwen. Y ap pale kont mwen ak lang k ap bay manti.
[3] Yo antoure m ak pawòl rayisab, Yo fè m lagè san rezon.
[4] Malgre m renmen yo, yo fè m lènmi; Men mwen, m ap priye.
[5] Yo rann mwen mal pou byen, Rayisab pou lamou.
[6] Mete yon mechan sou tèt li, Se pou yon advèsè kanpe bò dwat li.
[7] Lè y ap jije l, se pou yo jwenn li koupab; Se pou priyè l pase pou peche.
[8] Se pou kantite jou l yo piti, Se pou yon lòt moun pran pozisyon l lan.
[9] Se pou pitit li yo vin san papa, Se pou madanm li vin vèv.
[10] Se pou pitit li yo vin vagabon ak mandyan, Se pou yo mache mande lwen kay kraze yo a.
[11] Se pou moun li dwe a pran tout sa l genyen, Se pou etranje piye fwi travay li.
[12] Se pou pèsonn pa gen bonte pou li, Se pou pèsonn pa gen pitye pou pitit san papa l yo.
[13] Se pou yo detui desandan l yo, Se yo efase non yo nan jenerasyon k ap vini an.
[14] Se pou Letènèl sonje inikite zansèt li yo, Se pou peche manman l pa janm efase.
[15] Se pou yo toujou la devan Letènèl, Pou l fè moun bliye yo sou latè.
[16] Paske, li pa t sonje fè gras, Li te pito pèsekite malere ak pòv yo, Jiskaske li fè moun ki kè brize a mouri.
[17] Li te renmen malediksyon, Se pou malediksyon tonbe sou li. Li pa t renmen benediksyon, Se pou benediksyon kouri lwen li.
[18] Sou pou l abiye ak malediksyon kòm abiman, Se pou malediksyon antre anndan li tankou dlo, Se pou l antre nan zo l tankou luil.
[19] Se pou malediksyon sèvi l rad pou kouvri l, Pou l sèvi l senti ki toujou mare ren l.
[20] Se sa Letènèl ap bay advèsè m yo kòm salè, Moun k ap pale mechanste kont mwen yo.
[21] Ou menm, Letènèl, Senyè, aji pou mwen poutèt non ou. Paske, bonte ou gran; delivre m!
[22] Mwen malere, mwen pòv. Kè m blese anndan m.
[23] Mwen prale tankou lonbraj k ap fini, Yo chase m tankou krikèt abe.
[24] Jenou m yo febli tèlman m jene, Kò m epuize tèlman mwen mèg.
[25] Mwen tounen yon lawont pou yo, Yo gade epi yo souke tèt yo.
[26] Letènèl, Bondye mwen, pote m sekou, Sove m nan bonte ou.
[27] Se pou yo konnen se ponyèt ou, Se ou menm, Letènèl, ki fè a.
[28] Yo modi, men ou menm, ou beni. Si yo leve, y ap wont. Men, sèvitè w ap rejwi.
[29] Se pou advèsè m yo abiye ak dezonè, Se pou pwòp lawont yo vlope yo tankou yon manto.
[30] M ap louwe Letènèl anpil ak bouch mwen, M ap selebre l nan mitan foul la.
[31] Paske, li kanpe a dwat moun pòv yo, Pou delivre yo anba moun k ap kondane yo.