[1] Pou maestwo koral la. Yon sòm David.
[2] Se pou Letènèl reponn ou nan jou detrès. Se pou non Bondye Jakòb la pwoteje w.
[3] Se pou l voye èd pou ou depi nan sangtyè li. Se pou l soutni ou depi Siyon.
[4] Se pou l sonje tout ofrann ou yo. Se pou l aksepte ofrann olokos ou yo. – Poze!
[5] Se pou l ba ou sa kè w dezire. Se pou l reyalize tout plan ou yo.
[6] N a rejwi nan delivrans ou! Nan non Bondye nou an, n ap leve banyè nou. Se pou Letènèl reponn tout demann ou yo.
[7] Kounye a, mwen konnen Letènèl sove mesi li. L ap reponn li depi nan syèl li a ki sen, Ak fòs delivrans nan men dwat li.
[8] Pou kèk moun, se cha de gè! Pou kèk lòt, se cheval! Men pou nou menm, se non Letènèl, Bondye nou an, nou rele.
[9] Yo menm, yo koube, yo tonbe. Men, nou menm, nou leve, nou kanpe.
[10] Letènèl, sove wa a! Se pou l reponn nou, jou nou rele l.