[1] Pou Maestwo koral la. Yon sòm pitit Kore yo.
[2] O Letènèl, ou te konn pran plezi nan peyi ou, Ou te mennen prizonye Jakòb yo tounen.
[3] Ou te padone inikite pèp ou, Ou te kouvri tout peche l yo. – Poze!
[4] Ou te retire tout gwo kòlè ou. Ou te sispann flanm kòlè ou.
[5] Retabli nou, Bondye delivrans nou. Sispann endiyasyon ou kont nou.
[6] Èske w ap toujou fache kont nou? Èske w ap pwolonje kòlè ou jenerasyon apre jenerasyon?
[7] Èske ou p ap fè nou reviv ankò, Pou pèp ou ka rejwi nan ou?
[8] Letènèl, fè nou wè favè ou, Ban nou delivrans ou.
[9] M ap koute sa Letènèl, Bondye, ap di. Paske, li pale de lapè ak pèp li a ak fidèl li yo Pou yo pa retounen nan foli ankò.
[10] Wi, delivrans ou pre pou moun ki gen krentif pou ou, Pou glwa ou ka abite nan peyi nou.
[11] Bonte ou ak fidelite w kontre, Jistis ak lapè anbrase youn lòt.
[12] Fidelite jèmen sou latè, Jistis gade anba depi nan syèl la.
[13] Letènèl ap bay sa ki bon tou; Tè nou an ap donnen fwi.
[14] Jistis ap mache devan l, Jistis ap fè wout pou li.