Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:12

[1] Chante yon kantik nouvo pou Letènèl! Tout latè, chante pou Letènèl!

[2] Chante pou Letènèl, beni non li, Anonse delivrans li jou apre jou!

[3] Rakonte glwa li pami nasyon yo, Rakonte mèvèy li pami pèp yo!

[4] Paske, Letènèl gran, li merite lwanj anpil. Li terib anpil, plis pase tout lòt dye yo.

[5] Paske, tout dye pèp yo se zidòl, Men, Letènèl te fè syèl la.

[6] Devan fas li se ekla ak majeste, Nan sangtyè li, se pisans ak glwa.

[7] Fanmi pèp yo, bay Letènèl, Bay Letènèl glwa ak pisans!

[8] Bay Letènèl glwa pou non li. Pote ofrann, antre nan lakou li.

[9] Pwostène devan Letènèl ak abiman sakre, Tout latè, tranble devan l!

[10] Di nan mitan nasyon yo: Letènèl ap reye. Wi, lemonn kanpe fèm, li pa brannen. Letènèl jije pèp yo nan ladwati.

[11] Se pou syèl la rejwi, Se pou latè nan gwo kontantman, Se pou lanmè a sonnen ak tout sa ki ranpli l.

[12] Se pou savann nan rejwi ak tout sa ki ladan. Se pou tout pyebwa nan rakbwa rele ak kontantman

[13] Devan Letènèl! Paske, l ap vini, L ap vini pou jije latè. L ap jije lemonn ak jistis, L ap jije pèp yo daprè fidelite li.

Liv Sòm Yo — Chapters