[1] Yon priyè David. Letènèl, pare zòrèy ou, reponn mwen. Paske, mwen malere, mwen pòv.
[2] Veye lavi m, paske mwen fidèl. Ou menm, Bondye mwen, sove sèvitè ou ki konfye l nan ou.
[3] O Senyè, fè m gras, Paske, se tout lajounen m ap rele ou.
[4] Fè nanm sèvitè ou la kontan; Paske, mwen leve nanm mwen ba ou, Senyè.
[5] Ou bon, Senyè, ou prè pou padone, Ou plen ak bonte pou tout moun ki envoke w.
[6] Letènèl, pare zòrèy ou pou tande priyè m, Tande byen vwa plent mwen yo.
[7] Mwen rele w nan jou detrès mwen, Paske, ou reponn mwen.
[8] O Senyè, pa gen tankou ou pami dye yo. Pa gen anyen ki sanble ak zèv ou yo.
[9] O Senyè, tout nasyon ou te fè yo va koube devan ou; Yo va glorifye non ou.
[10] Paske, ou gran, Bondye, ou fè mèvèy, Se ou menm sèl ki Bondye.
[11] O Letènèl, montre m chemen ou yo, Pou m ka mache nan verite ou. Fè kè m fè yon sèl ak krentif pou non ou.
[12] O Senyè, Bondye mwen, m ap louwe ou ak tout kè mwen. M ap glorifye non ou pou tout tan.
[13] Paske, bonte ou gran pou mwen. Ou delivre nanm mwen nan bafon peyi-mò.
[14] O Bondye, yon bann awogan leve kont mwen. Yon bann moun vyolan ap chèche pran lavi m. Yo pa mete lide yo sou ou.
[15] Men ou menm, Senyè, ou se yon Bondye ki gen konpasyon ak gras. Ou lan pou fè kòlè, ou plen bonte ak verite.
[16] Vire gade m e gen pitye pou mwen, Bay sèvitè w la fòs E sove pitit sèvant ou a.
[17] Banm m siy bonte ou, Se pou moun ki rayi m yo wè pou yo ka wont, Paske, o Letènèl, se ou ki pote m sekou, ki konsole m.