Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:21

[1] Yon sòm Asaf. Bondye kanpe nan asanble Bondye a. L ap jije nan mitan dye yo.

[2] Jiskilè n a sispann jije ak lenjistis? Jiskilè n a sispann montre patipri pou mechan? – Poze!

[3] Fè moun ki fèb ak òfelen yo jistis, Fè malere ak pòv yo dwa.

[4] Delivre moun ki fèb la ak endijan an, Delivre yo anba men mechan yo.

[5] Yo pa gen ni konesans, ni entèlijans, Yo mache nan fènwa; Tout fondasyon latè sekwe.

[6] Mwen te di: Nou se dye, Nou tout se pitit Bondye Trè wo a.

[7] Epoutan, n ap mouri tankou lèzòm. N ap tonbe tankou nenpòt ki prens.

[8] O Bondye, leve pou jije latè! Paske, ou genyen eritaj ou nan tout nasyon yo.

Liv Sòm Yo — Chapters