Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 3:18

[1] Yon sòm Asaf. Bondye, Bondye, Letènèl, pale epi rasanble latè, Depi kote solèy leve jis kote solèy kouche.

[2] Bondye klere depi Siyon, Mòn ki bèl anpil la.

[3] Bondye nou an ap vini, li p ap rete an silans. Gen yon dife devoran devan l. Gen yon gwo tanpèt toutotou li.

[4] Li rele nan syèl la anwo, Li rele latè pou jije pèp li.

[5] Rasanble fidèl mwen yo pou mwen, Yo menm ki te fè alyans avè m grasa yon sakrifis.

[6] Syèl la ap deklare jistis li. Paske, se Bondye ki jij. – Poze!

[7] Pèp mwen an, tande! Izrayèl, mwen pral pale. M ap sèvi temwen kont ou. Mwen se Bondye, Bondye ou.

[8] Se pa pou sakrifis ou yo m ap repwoche w. Ofrann olokos ou yo toujou devan m.

[9] Mwen p ap pran ni jèn towo lakay ou, Ni kabrit nan twoupo w yo.

[10] Paske, tout zannimo nan bwa se pou mwen. Bèt yo gade sou mil montay, se pou mwen.

[11] Mwen konnen tout zwazo nan mòn. Tout ti bèt k ap mache nan savann se pou mwen.

[12] Si m te grangou, mwen pa t ap di w sa. Paske, lemonn se pou mwen ak tout sa ki ladan l.

[13] Èske mwen manje vyann towo yo? Èske mwen bwè san bouk kabrit yo?

[14] Bay Bondye yon sakrifis remèsiman. Respekte ve ou te fè Bondye Trè wo a.

[15] Rele m nan jou detrès, M a delivre w, epi w a ban m glwa.

[16] Bondye di mechan an: Ki dwa ou genyen pou w ap konte prensip mwen yo, Pou w gen alyans mwen nan bouch ou?

[17] Paske, ou rayi disiplin, Ou voye pawòl mwen jete dèyè w.

[18] Si ou wè yon vòlè, ou kontan avè l, Pati pa w se avèk adiltè yo.

[19] Ou livre bouch ou bay mechanste. Lang ou koud manti.

[20] Ou chita, epi ou pale kont frè ou. Ou avili pwòp pitit gason manman w.

[21] Men sa ou fè, e mwen rete an silans. Ou te panse mwen te tankou ou! Men, mwen pral fè w repwòch, Mwen pral mete tout devan je w.

[22] Kounye a chèche konprann sa, Nou menm ki bliye Bondye, San pa sa m ap devore nou, e p ap gen pèsonn pou delivre.

[23] Moun ki ofri sakrifis remèsiman ban m glwa. Moun ki veye sou chemen yo, m ap fè yo wè delivrans Bondye a.

Liv Sòm Yo — Chapters