[1] Pou Maestwo koral la, Jedoutoun. Yon sòm David.
[2] Mwen te di m ap veye chemen m Pou m pa peche ak lang mwen. M ap mete yon fren nan bouch mwen, Toutotan mechan an devan mwen.
[3] Mwen ret bèbè, nan silans. Mwen fè silans, lwen bonè. Doulè m te ogmante.
[4] Kè m te chofe anndan m, Yon dife t ap boule pandan m t ap jemi. Epi mwen pale ak lang mwen.
[5] Letènèl, fè m konnen kilè m ap mouri, Di m konbyen jou mwen rete, Pou m ka konnen se pase m ap pase.
[6] Gade! Ou bay jou m yo lajè yon pla men, Epi lavi m pa anyen devan ou. Wi, tout moun ki kanpe pa plis pase yon vapè. – Poze!
[7] Wi, lòm ap pwomennen tankou yon lonbraj. Wi, se anven l ap ba t kò li. L ap anpile, men li pa konnen kilès k ap vin ranmase.
[8] Kounye a, Senyè, kisa mwen ka espere? Se ou m ap tann.
[9] Delivre m anba peche m yo. Pa kite m wont anba moun fou.
[10] Mwen ret bèbè, mwen pa louvri bouch mwen. Paske, se ou menm k ap aji.
[11] Epànye m anba kou w yo. Mwen fini anba fòs men ou.
[12] Ou chatye lòm pou pini l pou inikite l. Ou wonje sa li genyen ki pi chè tankou mit. Wi, tout moun se vapè. – Poze!
[13] Letènèl, tande priyè m, koute kri mwen. Pa fè silans devan kriye m yo. Paske, mwen se yon etranje devan w, Yon abitan tankou tout zansèt mwen yo.
[14] Wete je w sou mwen, epi m a kontan ankò. Anvan m ale, anvan m tounen anyen.