Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:04

[1] Yon sòm rekonesans. Tout moun sou latè, Fè bri kontantman devan Letènèl!

[2] Sèvi Letènèl ak jwa, Vini devan l ak gwo kontantman!

[3] Konnen se Letènèl ki Bondye, Se li ki fè nou, se pou li nou ye. Nou se pèp li, mouton patiraj li.

[4] Antre nan pòtay li ak remèsiman, Antre nan lakou l ak chan lwanj! Selebre Letènèl, beni non li!

[5] Paske, Letènèl bon, Bonte l dire tout tan. Fidelite l dire jenerasyon apre jenerasyon.

Liv Sòm Yo — Chapters