[1] Pou maestwo koral la. Yon Kantik David.
[2] Lè Dwèg, moun Edon an, te vin pote rapò bay Sayil. Li te di: David t ale lakay Akimelèk.
[3] Vanyan gason, poukisa ou vante tèt ou nan mechanste? Bonte Bondye dire chak jou.
[4] Se konplo pou detui ase, lang ou fè. Ou menm k ap twonpe moun, Lang ou tankou razwa file.
[5] Ou renmen mal plis pase byen. Ou renmen manti plis pase pawòl ki dwat. – Poze!
[6] Lang trayizon, Ou renmen tout pawòl ki ka detui.
[7] Men, Bondye ap demoli w pou letènite. L ap pran w e l ap rache w soti nan tant ou. L ap derasinen w nan latè moun vivan yo. – Poze!
[8] Moun ki jis yo va wè, e y ap gen krentif. Y ap ri sou li.
[9] Se konsa moun ki pa pran Bondye kòm refij yo ye, Moun ki mete konfyans yo nan gwo richès yo, Moun ki montre yo fò nan riz.
[10] Men, mwen tankou yon pye oliv vèt lakay Bondye. Mwen konfye m nan bonte Bondye pou le tan e letènite.
[11] M ap louwe ou pou tout tan, paske ou aji. Mwen vle tann nan non ou, paske, sa bon Devan fidèl ou yo.