[1] Benediksyon pou moun ki san repwòch nan chemen yo, Ki mache daprè lalwa Letènèl!
[2] Benediksyon pou moun ki kenbe temwayaj Letènèl yo, Ki chèche l ak tout kè yo,
[3] Epi ki pa komèt inikite, Ki mache nan chemen l yo.
[4] Ou te pibliye lòd ou yo, Pou moun ka byen kenbe yo.
[5] Se pou chemen m yo byen tabli, Pou m ka kenbe prensip ou yo!
[6] Konsa, mwen p ap wont Lè m gade kòmandman ou yo.
[7] M ap louwe w ak yon kè ki dwat, Nan aprann òdonans jistis ou yo.
[8] Mwen vle kenbe prensip ou yo: Pa abandone m nèt!
[9] Kòman yon jèn gason ka pirifye chemen li? Se lè li kenbe tèt li daprè pawòl ou.
[10] M ap chèche w ak tout kè m: Pa kite m egare lwen kòmandman ou yo!
[11] M ap sere pawòl ou nan kè m, Pou mwen pa peche kont ou.
[12] O Letènèl, se pou ou beni! Montre m prensip ou yo!
[13] Ak bouch mwen, Mwen repete tout prensip ou yo.
[14] Mwen rejwi anpil nan chemen temwayaj ou yo, Se tankou m te posede tout richès.
[15] Mwen medite sou lòd ou yo, Mwen gen chemen ou yo devan je m.
[16] Mwen pran plezi m nan prensip ou, Mwen pa bliye pawòl ou.
[17] Aji byen ak sèvitè ou pou m ka viv, Pou m ka kenbe pawòl ou!
[18] Louvri je m, Pou m ka wè mèvèy lalwa ou!
[19] Mwen se yon etranje sou latè: Pa kache m kòmandman ou yo.
[20] Nanm mwen ap soupire, Tèlman li dezire prensip ou yo tout tan.
[21] Ou menase awogan modi yo, Ki egare lwen kòmandman ou yo.
[22] Retire lawont ak mepriz sou mwen! Paske, mwen kenbe temwayaj ou yo.
[23] Chèf yo chita, yo pale ansanm kont mwen, Men, sèvitè w ap medite prensip ou yo.
[24] Temwayaj ou yo fè m plezi, Se yo ki konseye mwen.
[25] Nanm mwen kole ak pousyè: Ban m lavi ak pawòl ou!
[26] Mwen rakonte chemen m yo, e ou reponn mwen: Montre m prensip ou yo!
[27] Fè m konprann chemen lòd ou yo, M ap medite sou mèvèy ou yo!
[28] Nanm mwen ap kriye akòz chagren: Leve m daprè pawòl ou!
[29] Fè m rete lwen chemen manti, Fè m gras pou m suiv lalwa ou.
[30] Mwen chwazi chemen fidelite, Mwen mete prensip ou yo devan mwen.
[31] Mwen atache ak temwayaj ou yo: Letènèl, pa kite m wont!
[32] Mwen kouri nan chemen kòmandman ou yo, Paske, ou louvri lespri mwen.
[33] Letènèl, aprann mwen chemen prensip ou yo, Pou m ka obsève l jiska lafen!
[34] Fè m konprann pou m ka kenbe lalwa ou, Pou m ka kenbe l ak tout kè m!
[35] Kondui m nan chemen kòmandman ou yo! Paske, mwen pran plezi nan li.
[36] Panche kè m bò kote temwayaj ou yo, Olye move lajan!
[37] Detounen je m pou m pa wè vanite, Fè m viv nan chemen ou!
[38] Akonpli pwomès ou pou sèvitè ou Ki devwe pou moun ki gen krentif pou ou!
[39] Fè lawont rete lwen mwen, m pè sa! Paske, prensip ou yo bon.
[40] Gade! Mwen dezire lòd ou yo, Ban m lavi nan jistis ou!
[41] Letènèl, se pou bonte ou vini sou mwen, Se pou delivrans ou vini sou mwen, daprè pwomès ou!
[42] Konsa, m a reponn moun k ap joure m yo, Paske, mwen mete konfyans mwen nan pawòl ou.
[43] Pa retire pawòl verite nan bouch mwen nèt ale! Paske, mwen mete espwa m nan prensip ou yo.
[44] M ap toujou respekte lalwa ou, Pou le tan e letènite.
[45] M ap mache alèz, Paske m ap chèche lòd ou.
[46] M ap pale de temwayaj ou yo devan wa, Mwen p ap wont.
[47] Mwen pran plezi nan kòmandman ou yo, Mwen renmen yo.
[48] Mwen leve men m bay kòmandman ou yo, mwen renmen yo; Mwen vle medite sou prensip ou yo.
[49] Sonje pawòl ou anfavè sèvitè ou, Paske, ou te ban m esperans ladan l!
[50] Se konsolasyon m nan mizè m: Pwomès ou ban m lavi.
[51] Moun awogan ap pase m nan rizib anpil; Mwen pa detounen m de lalwa ou.
[52] Letènèl, mwen sonje prensip ou yo nan tan lontan, Mwen konsole m sou yo.
[53] Yon gwo kòlè pran m, lè m wè mechan yo, Yo menm ki abandone lalwa ou.
[54] Prensip ou yo se sijè chan mwen, Nan kay kote m se etranje a.
[55] O Letènèl, pandan lannuit, mwen sonje non ou, Mwen respekte lalwa ou.
[56] Se sa ki abitid mwen: Mwen respekte lòd ou yo.
[57] Letènèl se pòsyon pa m nan, Mwen te di m ap kenbe pawòl ou.
[58] Ak tout kè m, m ap soupriye w, Gen pitye pou mwen daprè pwomès ou!
[59] Mwen reflechi sou chemen m yo, Mwen fè pye m pran direksyon temwayaj ou yo.
[60] Mwen prese, mwen pa pran tan, Pou m kenbe kòmandman ou yo.
[61] Kòd mechan yo sènen m; Mwen pa bliye lalwa ou.
[62] Nan mitan lannuit, mwen leve pou m louwe ou, Akòz jijman jistis ou yo.
[63] Mwen zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, Moun ki kenbe lòd ou yo.
[64] O Letènèl, latè ranpli ak bonte ou; Montre m prensip ou yo!
[65] O Letènèl, ou fè sèvitè w dibyen, Daprè pawòl ou.
[66] Aprann mwen bon sans ak konesans! Paske, mwen kwè nan kòmandman ou yo.
[67] Avan m te nan lafliksyon an, mwen te egare; Men, kounye a, m ap kenbe pawòl ou.
[68] Ou bon, ou fè sa ki byen; Montre m prensip ou yo!
[69] Awogan yo pentire m ak manti; Mwen menm, mwen obsève lòd ou ak tout kè m.
[70] Kè yo ensansib tankou grès; Men mwen, mwen pran plezi m nan lalwa ou.
[71] Se bon pou yo imilye m, Pou m ka aprann prensip ou yo.
[72] Lalwa ki soti nan bouch ou pi bon pou mwen Pase mil pyès lò ak ajan.
[73] Se men w ki kreye m, se yo ki fòme m. Ban m bon konprann pou m ka aprann kòmandman ou yo!
[74] Moun ki gen krentif pou ou yo wè m e yo rejwi, Paske mwen mete espwa m nan pawòl ou.
[75] Letènèl, mwen konnen prensip ou yo jis, Se akòz fidelite w, ou te imilye m.
[76] Se pou bonte w devni konsolasyon m, Daprè pwomès ou fè sèvitè ou!
[77] Se pou konpasyon ou vini sou mwen pou m ka viv! Paske, lalwa ou fè m plezi.
[78] Se pou awogan k ap maltrete m san rezon yo wont; Mwen, m ap medite sou lòd ou yo.
[79] Se pou moun ki gen krentif pou ou tounen vin jwenn ou, Moun ki konnen temwayaj ou yo!
[80] Se pou kè m san repwòch nan prensip ou yo, Pou m pa kouvri ak lawont!
[81] Nanm mwen anvi delivrans ou, Mwen mete espwa mwen nan pawòl ou.
[82] Je m anvi wè pwomès ou yo; Mwen di: Kilè w a konsole m?
[83] Mwen tankou yon veso an po nan lafimen; Mwen pa bliye prensip ou yo.
[84] Konbyen jou sèvitè ou yo ye? Kilè w ap egzekite jijman sou moun k ap pousuiv mwen?
[85] Awogan yo fouye twou devan m, Yo pa aji daprè lalwa ou.
[86] Tout kòmandman w yo fidèl, Men, y ap pèsekite m san rezon. Ede m!
[87] Yo te prèske fini avè m sou latè, Men mwen, mwen pa abandone lòd ou yo.
[88] Fè m viv daprè bonte ou, Pou m kenbe temwayaj bouch ou!
[89] O Letènèl, pawòl ou kanpe nan syèl la, Pou tout tan.
[90] Fidelite ou rete jenerasyon apre jenerasyon, Ou tabli latè e li kanpe.
[91] Se daprè prensip ou tout bagay kanpe jodi a. Paske yo tout la pou sèvi ou.
[92] Si m pa t pran plezi nan lalwa ou, Mwen t ap peri nan mizè mwen.
[93] Mwen p ap janm bliye lòd ou yo, Paske, se nan yo menm ou ban m lavi.
[94] Sove m! Paske, mwen se pou ou. M ap chèche lòd ou yo.
[95] Mechan ap tann pou detui m; Mwen fè atansyon a temwayaj ou yo.
[96] Mwen wè limit tout sa ki san defo, Men, kòmandman ou laj san limit.
[97] Ala renmen mwen renmen lalwa ou! Se li ki sijè meditasyon m chak jou.
[98] Kòmandman m yo fè m pi saj pase lènmi m yo, Paske, mwen toujou genyen yo avè m.
[99] Mwen pi saj pase tout mèt mwen yo, Paske, temwayaj ou yo se meditasyon m.
[100] Mwen gen plis konprann pase vyeya yo, Paske, mwen obsève lòd ou yo.
[101] Mwen kenbe pye m lwen tout move chemen, Pou m ka kenbe pawòl ou.
[102] Mwen pa vire do bay prensip ou yo, Paske, se ou menm ki aprann mwen.
[103] Ala dous pawòl ou dous nan bouch mwen! Li pi dous pase myèl nan bouch mwen.
[104] Ak lòd ou, ou ban m bon konprann; Se poutèt sa mwen rayi tout chemen manti.
[105] Pawòl ou se yon lanp pou pye m, Yon limyè sou chemen m.
[106] Mwen sèmante e m ap kenbe l, Pou m kenbe prensip jistis ou yo.
[107] Mwen aflije anpil; Letènèl, ban m lavi daprè pawòl ou!
[108] Letènèl, tanpri, aksepte ofrann bòn volonte mwen te pwomèt la! Montre m prensip ou yo!
[109] Lavi m toujou ekspoze; Men, mwen pa bliye lalwa ou.
[110] Mechan tann pyèj pou mwen; Men, mwen pa egare lwen lòd ou yo.
[111] Mwen eritye temwayaj ou pou letènite, Paske, yo se lajwa kè mwen.
[112] Mwen pare kè m pou m pratike prensip ou, Tout tan, jiska lafen.
[113] Mwen rayi moun ki aji ak de kè, Men, mwen renmen lalwa ou.
[114] Ou se refij mwen ak boukliye mwen; Mwen mete espwa mwen nan pawòl ou.
[115] Retire nou bò kote m, bann mechan, Pou m ka obsève kòmandman Bondye m nan!
[116] Soutni mwen daprè pwomès ou pou m ka viv; Pa kite m kouvri ak lawont nan espwa mwen!
[117] Soutni m pou m ka delivre, Pou m toujou obsève prensip ou yo!
[118] Ou meprize tout moun ki vire do bay prensip ou, Paske trayizon yo se manti.
[119] Ou retire tout mechan sou latè tankou lawouy; Se poutèt sa mwen renmen temwayaj ou yo.
[120] Latèrè ou fè kò mwen ap tranble, Mwen gen krentif pou prensip ou yo.
[121] Mwen obsève prensip ak jistis, Pa livre m bay moun k ap peze m yo!
[122] Reponn pou pwoteje byen sèvitè ou, Pa kite awogan yo peze m!
[123] Je m anvi wè delivrans ou, Nan tann pwomès jistis ou.
[124] Daprè bonte ou, aji byen ak sèvitè w; Montre m prensip ou yo!
[125] Mwen se sèvitè ou. Ban m bon konprann, Pou m ka konnen temwayaj ou yo!
[126] Li lè pou Letènèl aji, Y ap vyole lalwa ou.
[127] Se poutèt sa mwen renmen kòmandman ou yo, Plis pase lò, plis pase lò fen.
[128] Se poutèt sa mwen twouve tout lòd ou yo jis, Mwen rayi tout chemen manti.
[129] Temwayaj ou yo mèvèye, Se poutèt sa nanm mwen obsève yo.
[130] Pòt pawòl ou louvri limyè, Li bay moun san konprann yo bon konprann.
[131] Mwen louvri bouch mwen epi m ap tann anpil, Paske, mwen anvi kòmandman ou yo.
[132] Vire gade m, gen pitye pou mwen Daprè jan ou konn fè l pou moun ki renmen non ou!
[133] Fè pye m vin fèm nan pawòl ou, Pa kite okenn inikite domine sou mwen!
[134] Delivre m anba moun k ap peze m, Pou m ka respekte lòd ou!
[135] Fè fas ou klere sou sèvitè ou, Aprann mwen prensip ou yo!
[136] Je m ap koule rivyè dlo, Paske yo pa respekte lalwa ou.
[137] O Letènèl, ou jis! Prensip ou dwat.
[138] Ou tabli temwayaj ou avèk jistis, Yo fidèl anpil.
[139] Jalouzi ap boule m, Paske, advèsè m yo bliye pawòl ou yo.
[140] Pawòl ou rafine nèt ale, Se poutèt sa sèvitè w renmen l.
[141] Mwen piti, yo meprize m, Men, mwen pa bliye lòd ou.
[142] Jistis ou se yon jistis etènèl, Lalwa ou se laverite.
[143] Detrès ak difikilte te jwenn mwen. Men, kòmandman ou yo fè m plezi.
[144] Temwayaj ou yo jis pou letènite, Ban m bon konprann pou m ka viv!
[145] M ap envoke ou ak tout kè m: reponn mwen, Letènèl! M ap obsève prensip ou yo!
[146] M ap rele ou, sove m Pou m ka kenbe temwayaj ou yo!
[147] Mwen leve anvan solèy leve, Mwen mete espwa m nan pwomès ou.
[148] Je m ret louvri pandan lannuit, Pou m medite sou pwomès ou.
[149] Tande vwa mwen daprè bonte ou! Letènèl, fè m viv daprè prensip ou yo!
[150] Moun k ap chèche fè krim yo ap pwoche, Yo rete lwen lalwa ou.
[151] Ou pre, Letènèl! Tout kòmandman ou yo se verite.
[152] Depi lontan temwayaj ou yo te aprann mwen Ou te tabli yo pou letènite.
[153] Gade mizè mwen, delivre m! Paske, mwen pa bliye lalwa ou.
[154] Defann kòz mwen, delivre m; Ban m lavi daprè pawòl ou!
[155] Delivrans rete lwen mechan yo, Paske yo pa chèche prensip ou yo.
[156] Letènèl, konpasyon ou gran! Ban m lavi daprè prensip ou yo!
[157] Moun k ap pèsekite m yo ak advèsè m yo anpil; Men, mwen pa vire do bay temwayaj ou yo.
[158] Se avèk degoutans mwen gade trèt yo, Paske yo pa kenbe pawòl ou.
[159] Gade jan mwen renmen lòd ou; Letènèl, ban m lavi daprè bonte ou!
[160] Depi nan kòmansman l, pawòl ou se verite; Tout lalwa jistis ou la pou letènite.
[161] Chèf ap pèsekite m san rezon; Men, se pawòl ou ki fè kè m tranble.
[162] Mwen rejwi anpil nan pwomès ou, Tankou yon moun ki jwenn yon gwo trezò nan lagè.
[163] Mwen rayi, mwen deteste manti; Men, mwen renmen lalwa ou.
[164] M ap louwe ou sèt fwa pa jou, Akòz prensip jistis ou.
[165] Moun ki renmen lalwa ou gen gran lapè, Anyen p ap fè yo bite.
[166] O Letènèl, mwen mete espwa mwen nan delivrans ou! Mwen obsève kòmandman ou yo.
[167] Nanm mwen kenbe temwayaj ou yo, Mwen renmen yo anpil.
[168] Mwen respekte lòd ak temwayaj ou yo, Paske, tout chemen m yo devan ou.
[169] O Letènèl, kite kri mwen rive devan ou! Ban m bon konprann daprè pawòl ou!
[170] Kite priyè m rive devan ou! Delivre m daprè pawòl ou!
[171] Se pou bouch mwen pibliye lwanj ou! Paske, ou aprann mwen prensip ou yo.
[172] Se pou lang mwen chante pawòl ou! Paske, tout kòmandman ou yo jis.
[173] Se pou men ou vin ede m! Paske, mwen chwazi lòd ou.
[174] O Letènèl, mwen anvi delivrans ou! Lalwa ou fè m plezi.
[175] Se pou nanm mwen viv, se pou l louwe ou! Se pou prensip ou yo soutni mwen!
[176] Mwen egare tankou yon mouton ki pèdi; Chèche sèvitè ou! Paske, mwen pa bliye kòmandman ou yo.