[1] Pou Maestwo Koral la. Yon sòm David. Moun fou a di nan kè l: Pa gen Bondye! Yo kòwonpi. Yo komèt abominasyon. Pa genyen youn k ap fè byen.
[2] Letènèl rete depi nan syèl, li gade pami pitit lèzòm Pou l wè si gen youn ki gen konprann, Youn k ap chèche Bondye.
[3] Yo tout pèdi chemen an, yo vin pèvèti ansanm. Pa genyen youn k ap fè byen, Pa genyen menm yon sèl.
[4] Tout moun k ap komèt inikite, èske yo pa konprann anyen? Y ap devore pèp mwen an tankou yo devore pen, Epi yo pa rele Letènèl.
[5] La tou, se pa ti pè yo pral pè, Paske Bondye ap avèk jenerasyon moun ki jis yo.
[6] Ou meprize lide malere a, Men se Letènèl ki refij li.
[7] Kilès k ap fè delivrans Izrayèl soti nan siyon? Lè Letènèl va mennen prizonye pèp li a tounen, Jakòb ap nan gwo kontantman, Izrayèl ap nan lajwa.