Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:14

[1] Kantik eskalye yo. Moun ki mete konfyans yo nan Letènèl tankou mòn Siyon Ki p ap brannen, K ap la pou tout tan.

[2] Jerizalèm antoure ak montay; Se konsa Letènèl antoure pèp li, Depi kounye a ak pou tout tan.

[3] Paske, baton kòmandman mechanste a p ap rete Sou pòsyon tè moun jis yo, Pou jis yo pa tann men yo bay inikite.

[4] Letènèl, fè byen pou moun ki bon yo, Pou moun ki gen kè yo dwat!

[5] Men moun ki vire pou mache nan chemen kwochi, Se pou Letènèl detui yo ak tout moun k ap fè mal! Se pou lapè rete sou Izrayèl!

Liv Sòm Yo — Chapters