[1] Yon sòm David. Lè li te nan dezè Jida.
[2] O Bondye, ou se Bondye mwen. M ap chèche w anpil. Nanm mwen swaf ou, kò mwen swaf ou anpil, Nan yon tè ki sèk, ki rèd, ki san dlo.
[3] Se konsa mwen kontanple w nan lye sen an, Pou m wè pisans ou ak glwa ou.
[4] Paske, bonte ou vo plis pase lavi, Bouch mwen va louwe w ankò.
[5] Konsa, m a beni w pandan tout lavi m; M a leve men m nan non ou.
[6] Nanm mwen va satisfè tankou grès ak mwèl, Avèk rejwisans sou lèv mwen, bouch mwen va louwe w.
[7] Lè mwen sonje w sou kabann mwen, Mwen medite sou ou chak moman pandan lannuit.
[8] Paske, ou se sekou mwen, Mwen rejwi anpil anba lonbraj zèl ou.
[9] Nanm mwen atache avè w; Men dwat ou soutni mwen.
[10] Men, moun k ap chèche detui lavi m yo, Yo prale kote ki pi fon nan latè.
[11] Y ap livre yo anba pouvwa epe. Y ap devni manje pou chakal.
[12] Men, wa a va rejwi nan Bondye, Tout moun ki sèmante nan non l va fyè. Paske bouch mantè yo gen pou fèmen.