[1] Yon sòm David. M ap chante fidelite ak jistis; Letènèl, se pou ou m ap chante.
[2] M ap konsidere chemen ki san repwòch la. Kilè w ap vin kote m? M ap mache daprè entegrite kè mwen, Pami moun lakay mwen.
[3] Mwen p ap mete bagay mechanste devan je mwen. Mwen rayi konpòtman enfidèl yo, Mwen p ap atache avè l.
[4] Moun kè pèvèti yo ap rete lwen mwen. Mwen p ap konnen sa ki mal.
[5] Moun k ap pale pwochen yo mal an sekrè, M ap detui l; Moun ki gen je awogans ak kè anfle, Mwen p ap sipòte l.
[6] M ap gen je m fikse sou moun fidèl nan peyi a, Pou yo demere avè m. Moun ki mache nan chemen san repwòch, Se li ki va sèvi m.
[7] Moun k ap twonpe moun P ap abite anndan kay mwen. Moun k ap bay manti P ap kontinye rete devan je m.
[8] Chak maten m ap detui tout mechan nan peyi a, Pou retire tout moun k ap komèt inikite Nan vil Letènèl la.