Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 3:12

[1] Nou menm ki jis, rejwi anpil nan Letènèl, Li bon pou moun ki dwat fè lwanj.

[2] Selebre Letènèl ak hap. Selebre li ak gita dis kòd la.

[3] Chante yon kantik nouvo pou li. Fè enstriman mizik ak vwa nou sonnen.

[4] Paske, pawòl Letènèl dwat. Li fè tout zèv li yo ak fidelite.

[5] Letènèl renmen jistis ak ladwati. Bonte Letènèl ranpli latè.

[6] Se pawòl Letènèl ki te fè syèl la. Se souf bouch li ki te fè tout sa ki nan syèl la.

[7] Li sanble dlo lanmè yon sèl kote. Li mete abim yo nan rezèvwa.

[8] Se pou tout latè gen krentif pou Letènèl. Se pou tout moun ki abite nan monn lan tranble devan l.

[9] Paske, li pale, epi bagay la rive. Li bay lòd, epi bagay la egziste.

[10] Letènèl detounen plan nasyon yo. Li antrave pwojè pèp yo.

[11] Plan Letènèl yo ap rete pou tout tan. Pwojè ki nan kè li ap rete jenerasyon apre jenerasyon.

[12] Benediksyon pou yon nasyon ki gen Letènèl pou Bondye li! Benediksyon pou pèp Letènèl chwazi pou eritaj li!

[13] Letènèl gade anba, depi kote l ye nan syèl la, Li wè tout pitit lèzòm yo.

[14] Depi kote l rete a, Li obsève tout moun ki abite sou latè,

[15] Li menm ki fòme kè tout moun, Li menm k ap veye tout aksyon yo.

[16] Se pa yon gwo lame ki sove wa a. Se pa gwo fòs ki ka delivre yon vanyan gason.

[17] Pa pretann yon cheval ka sove. Tout fòs li genyen pa ka delivre.

[18] Gade! Je Letènèl sou moun ki gen krentif pou li, Sou moun ki mete espwa yo nan bonte li,

[19] Pou rache nanm yo anba lanmò, Epi pou l ka fè yo viv lè gen grangou.

[20] Nou mete espwa nou nan Letènèl. Li se sekou nou, li se boukliye nou.

[21] Paske, kè nou kontan nan li, Nou gen konfyans nan non li ki sen.

[22] Letènèl, se pou bonte ou rete sou nou, Pandan n ap mete espwa nou nan ou.

Liv Sòm Yo — Chapters