Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:43

[1] Pou maestwo koral la. Avèk flit yo. Yon sòm David.

[2] Koute pawòl mwen yo, Letènèl. Konprann soupi m yo.

[3] Tande vwa m k ap sipliye w, Bondye mwen, Wa mwen; Paske se ou menm m ap lapriyè.

[4] Letènèl, nan maten, ou tande vwa m. Nan maten, mwen dispoze m pou ou, epi mwen fikse je m sou ou.

[5] Paske, ou pa yon Bondye ki pran plezi nan sa ki mal; Mechan pa ka rete bò kote w.

[6] Awogan yo p ap kanpe devan je w. Ou rayi tout moun k ap fè mechanste.

[7] Ou detui moun k ap bay manti yo. Letènèl rayi moun k ap fè san koule ak moun k ap twonpe moun.

[8] Men mwen menm, m ap antre lakay ou paske mizerikòd ou gran. M ap pwostène avèk krentif nan tanp ou a ki sen.

[9] Letènèl, kondui m nan jistis ou akòz lènmi m yo. Fè chemen w vin dwat devan m.

[10] Paske anyen nan bouch yo pa laverite. Se fè dega ki nan kè yo. Gòj yo tankou yon kavo ki louvri. Yo flate moun ak lang yo.

[11] O Bondye, deklare yo koupab! Kite yo tonbe nan menm pyèj yo te prepare yo. Chase yo akòz pil peche yo fè yo, paske y ap fè rebèl avè w.

[12] Men, se pou tout moun ki chèche refij nan ou rejwi. Se pou yo chante ak jwa pou tout tan, se pou w pwoteje yo; Konsa moun ki renmen non ou va rejwi.

[13] Paske ou menm, Letènèl, ou beni moun ki jis. Ou antoure yo ak favè tankou yon gwo boukliye.

Liv Sòm Yo — Chapters