[1] Yon priyè David. Letènèl, tande jis la! Koute kriye mwen! Tande priyè m ki pa soti nan bouch k ap twonpe.
[2] Fè jistis mwen parèt devan w. Kite je ou wè sa ki jis.
[3] Si ou sonde kè m, si ou vizite m lannuit, Si ou pase m tès, ou p ap jwenn anyen. Mwen deside pou bouch mwen pa peche.
[4] Kanta pou zak lèzòm, granmesi pawòl nan bouch ou, Mwen evite chemen moun ki vyolan.
[5] Pa m yo fèm nan tras ou, Pye m pa glise.
[6] O Bondye, mwen rele ou, paske ou ap reponn mwen. Panche zòrèy ou bò kote m, tande sa m ap di.
[7] Fè wè mèvèy bonte ou, ou menm ki sove moun k ap chèche refij, Ou menm ki sove yo ak men dwat ou kont moun ki leve kont yo.
[8] Pwoteje m tankou pòm je w. Kache m anba lonbraj zèl ou,
[9] Kont mechan k ap maltrete m yo, Kont lènmi ki sènen m toupatou yo.
[10] Yo fèmen zantray yo. Y ap pale avèk awogans ak bouch yo.
[11] Kounye a, chak pa nou fè, yo sènen nou. Yo fikse je yo pou yo blayi nou atè,
[12] Tankou lyon ki pa ka tann pou l dechire, Tankou yon jèn lyon k ap tann an kachèt.
[13] Letènèl, leve, fè fas kare ak li, jete l atè! Delivre m anba mechan ak epe ou.
[14] Avèk men ou, Letènèl, delivre m anba lèzòm, anba lèzòm nan monn sa a! Yo gen pòsyon pa yo nan lavi sa a. Ou plen vant yo ak trezò w yo. Pitit yo rasazye, Epi yo kite sa yo gen anplis pou timoun yo.
[15] Kanta pou mwen, nan jistis, m a wè fas ou. Lè m reveye, m ap rasazye ak prezans ou.