Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:05

[1] Yon sòm David. Letènèl se bèje mwen, Mwen p ap manke anyen.

[2] Li fè m repoze nan patiraj ki vèt. Li mennen m bò dlo ki trankil.

[3] Li restore nanm mwen. Li kondui m nan chemen jistis Poutèt non li.

[4] Menm lè m ap mache nan vale lonbraj lanmò, Mwen pa pè anyen mal, paske ou avèk mwen. Baton ou ak gòl ou, se yo ki asire m.

[5] Ou pare yon tab pou mwen Devan lènmi m yo. Ou vide luil sou tèt mwen. E, gode m plen depase.

[6] Wi, bonè ak gras va pousuiv mwen Chak jou nan lavi m. Epi m a abite lakay Letènèl pou tout tan.

Liv Sòm Yo — Chapters