Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 4:37

[1] Pou maestwo koral la. Sou «Bich granmaten an.» Yon sòm David.

[2] Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa w abandone mwen? Poukisa ou rete lwen san w ou pa pote m sekou, san ou pa tande jan m ap plenn?

[3] Bondye mwen! Mwen rele w lajounen, ou pa reponn. Mwen pa gen repo lannuit.

[4] Epoutan ou sen. Ou chita nan mitan lwanj Izrayèl yo.

[5] Se nan ou zansèt nou yo te kwè; yo te kwè, Epi ou te delivre yo.

[6] Yo te kriye ba ou, epi yo te chape. Yo te kwè nan ou, epi yo pa t soti wont.

[7] Men, se yon vè mwen ye, mwen pa moun. Mwen se yon moun lèzòm avili, yon moun pèp la meprize.

[8] Tout moun ki wè mwen ap moke mwen. Yo louvri bouch yo sou mwen, epi yo souke tèt yo.

[9] Y ap di: Lage w nan men Letènèl. L ap delivre l. L ap sove l, paske li pran plezi nan li.

[10] Se ou ki te pran m nan vant manman m. Ou te fè m gen konfyans, lè m t ap tete manman m.

[11] Depi nan vant, yo te lage m ba ou. Depi nan vant manman m, ou se Bondye mwen.

[12] Pa rete lwen mwen, paske detrès la ap pwoche, Epi pa gen pèsonn pou ede.

[13] Anpil jèn towo antoure m, Vanyan towo Bazan ansèkle m.

[14] Yo louvri bouch yo kont mwen Tankou lyon k ap dechire, k ap gwonde.

[15] Yo vide m tankou dlo. Tout zo m yo dejwente. Kè m tankou lasi. L ap fonn nan zantray mwen.

[16] Fòs mwen fin seche tankou ajil. Lang mwen kole anlè anndan bouch mwen. Ou mete m nan pousyè lanmò.

[17] Paske chen antoure mwen. Yon bann mechan sènen m. Yo pèse men m ak pye m.

[18] Mwen ta ka konte tout zo m yo. Yo menm, yo gade m, epi yo twaze m.

[19] Yo separe rad mwen antre yo. Yo fè tirajosò sou wòb mwen an.

[20] Men ou menm, Letènèl, pa rete lwen. Ou menm ki fòs mwen, prese vin pote m sekou.

[21] Delivre nanm mwen anba epe. Delivre lavi m anba pouvwa chen.

[22] Sove m anba bouch lyon. Ou reponn mwen anba kòn bèf sovaj.

[23] M a fè frè m yo konnen non ou. M a louwe ou nan mitan asanble a.

[24] Nou menm ki gen krentif pou Letènèl, louwe li. Nou tout, desandan Jakòb yo, onore li. Nou tout, desandan Izrayèl yo, tranble devan li.

[25] Paske, li pa ni meprize ni deteste lafliksyon malere a; Li pa kache figi l pou li. Men, lè malere a kriye ba li, li tande.

[26] Akòz ou menm, m ap louwe ou nan gran asanble a. M ap respekte ve mwen fè devan moun ki gen krentif pou li.

[27] Malere yo ap manje epi y ap rasazye. Moun ki chèche Letènèl ap louwe li. Se pou kè ou viv pou tout tan.

[28] Dènye kwen latè ap sonje epi y ap tounen jwenn Letènèl. Tout branch fanmi nasyon yo pral koube devan w.

[29] Paske, wayòm nan se pou Letènèl. L ap domine sou nasyon yo.

[30] Tout notab latè yo pral manje, epi yo pral koube. Tout moun ki te desann nan pousyè pral koube devan li, Menm sa ki pa ka prezève lavi yo.

[31] Yon desandans pral sèvi li. Y ap pale de Senyè a nan jenerasyon apre a.

[32] Y ap vini. Y ap anonse jistis li. Y ap anonse sa li te fè bay yon pèp ki pral fèt.

Liv Sòm Yo — Chapters