[1] Pou maestwo koral la. Avèk enstriman ak kòd. Yon sòm David.
[2] O Bondye, tande m, lè m kriye. Se ou menm ki jistis mwen! Lè m nan detrès, soulaje m. Fè m favè, epi tande priyè m!
[3] Bon, nou menm pitit lèzòm, kilè n a sispann chanje glwa mwen an dezonè? Kilè n a sispann renmen vanite, Kilè n a sispann chèche manti?
[4] Konnen se Letènèl ki te chwazi yon moun ki fidèl pou moun pa l. Senyè a tande m, lè m rele l. – Poze!
[5] Tranble, men pa peche! Medite nan kè nou pandan nou sou kabann nou, epi fè silans.
[6] Ofri sakrifis ki jis, Epi mete konfyans nou nan Letènèl.
[7] Anpil moun ap di: Kiyès k ap fè nou jwenn bonè? O Letènèl, fè limyè fas ou klere sou nou!
[8] Ou met lajwa nan kè m pi plis pase yo, Plis pase lè yo fè anpil rekòt ble ak diven nèf.
[9] Mwen kouche epi mwen dòmi ak lapè, Paske Letènèl, se ou sèl k ap fè m viv an sekirite.