Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 5:36

[1] Yon sòm David. Pa fache kont mechan yo. Pa rayi sò moun k ap fè mal yo.

[2] Paske, yo pral fennen tankou zèb, byen vit. Yo pral seche tankou zèb vèt.

[3] Konfye w nan Letènèl epi fè sa ki byen. Abite nan peyi a, epi pran fidelite kòm manje.

[4] Pran plezi ou nan Letènèl, Epi l ap ba ou sa kè w vle.

[5] Remèt kòz ou bay Letènèl, Mete konfyans ou nan li, epi l ap aji.

[6] L a fè jistis ou parèt tankou limyè, Epi dwa w tankou solèy midi.

[7] Rete an silans devan Letènèl, epi tann li; Pa fache kont yon moun ki reyisi nan chemen li, Kont yon moun k ap fè konplo.

[8] Sispann fè kòlè, kite fè move san; Pa fache, se mal ase sa mennen.

[9] Paske, Bondye ap disparèt mechan yo. Men, moun ki mete espwa yo nan Letènèl pral eritye peyi a.

[10] Nan yon ti tan ankò, mechan an p ap egziste ankò. Ou va gade kote l te ye a, li p ap la ankò.

[11] Men, malere yo ap posede peyi a. Y a pran plezi yo nan anpil lapè.

[12] Mechan an ap fè konplo kont jis la; Li graje dan kont li.

[13] Senyè a ri mechan an, Paske, li wè jou mechan an rive.

[14] Mechan yo rale epe yo. Yo pare banza yo pou jete malere a ak pòv la, Pou asasinen moun k ap mache dwat yo.

[15] Epe yo ap antre nan pwòp kè yo, Epi banza yo ap kase.

[16] Ti sa jis la genyen pi bon Pase labondans anpil mechan.

[17] Paske, ponyèt mechan yo gen pou kase. Men, Letènèl ap soutni jis yo.

[18] Letènèl konnen moun ki san repwòch, Epi eritaj yo ap dire pou letènite.

[19] Yo p ap wont nan tan malè; Y ap rasazye nan jou grangou.

[20] Paske, mechan yo pral peri. Epi lènmi Letènèl yo pral fini tankou pi bèl zèb, Y ap fini tankou lafimen.

[21] Mechan an prete, men, li pa remèt. Jis la gen konpasyon, epi li bay.

[22] Paske, moun Letènèl beni pral posede peyi a. Men, moun li modi pral disparèt.

[23] Letènèl fè lòm mache fèm. Li pran plezi nan mach li.

[24] Si li tonbe, li p ap rete atè. Paske, Letènèl kenbe men l.

[25] Mwen te jèn, kounye a mwen vin vye. Men, mwen pa janm wè jis abandone, Ni desandans li ap mande pou l manje.

[26] Li toujou gen konpasyon, epi li prete. Desandans li beni.

[27] Kouri lwen mechanste, fè byen. Epi w ap viv pou tout tan.

[28] Paske, Letènèl renmen jistis. Li p ap abandone fidèl li yo. Li toujou ap veye sou yo. Men, li fè desandan mechan yo disparèt.

[29] Jis yo va eritye peyi a, Epi y ap abite ladan pou tout tan.

[30] Bouch jis la selebre sajès, Epi lang li pwoklame jistis.

[31] Lalwa Bondye li nan kè li. Li p ap glise nan mach li.

[32] Mechan an gade jis la byen. L ap chèche tiye l.

[33] Letènèl p ap lage jis la nan men l. Li p ap kondane l, lè l ap jije.

[34] Mete espwa ou nan Letènèl, kenbe chemen li. L ap leve ou pou w posede peyi a. W ap wè sa, lè mechan yo disparèt.

[35] Mwen te wè mechan an nan pouvwa li; Li layite l tankou yon pyebwa byen vèt.

[36] Men, li pase, epi gade! Li pa la ankò. Mwen chèche l, men, mwen pa jwenn li.

[37] Gade moun ki san repwòch la byen, epi gade moun ki dwat la, Paske, avni moun sa a se lapè.

[38] Tout moun ki rebèl yo ap detui ansanm. Avni mechan yo ap disparèt.

[39] Men, delivrans moun ki jis yo soti nan Letènèl. Li se refij yo nan tan detrès.

[40] Letènèl ap ede yo, l ap delivre yo. L ap delivre yo anba mechan, l ap sove yo. Paske, yo chèche refij yo nan li.

Liv Sòm Yo — Chapters