Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:24

[1] Louwe Letènèl! Louwe non Letènèl! Louwe, sèvitè Letènèl,

[2] Nou menm ki kanpe nan kay Letènèl, Nan lakou kay Bondye nou an!

[3] Louwe Letènèl! Paske, li bon; Jwe mizik non li! Paske, li favorab.

[4] Paske, Letènèl te chwazi Jakòb pou li, Izrayèl pou byen pa li.

[5] Mwen konnen Letènèl gran, Mwen konnen Letènèl nou an sou tèt tout dye.

[6] Tout sa Letènèl vle, li fè l Nan syèl tankou sou latè, Nan lanmè tankou nan tout labim.

[7] Li fè nyaj monte nan denye bout latè, Li fè zeklè ak lapli, Li rale van an nan trezò li.

[8] Li frape premye pitit Lejip yo, Soti nan moun rive nan bèt.

[9] Lejip, li voye siy ak mirak nan mitan w, Kont Farawon ak sèvitè l yo.

[10] Li frape anpil nasyon; Li tiye wa pisan:

[11] Siyon, wa moun Amori yo, Òg, wa Bazan, Tout wa Kanaan yo.

[12] Li bay peyi yo kòm eritaj, Li bay Izrayèl, pèp li, peyi yo kòm eritaj.

[13] Letènèl, non ou ap la pou tout tan, Letènèl, y ap sonje ou jenerasyon apre jenerasyon.

[14] Letènèl ap jije pèp li a, L ap gen konpasyon pou sèvitè l yo.

[15] Zidòl nasyon yo se ajan ak lò, Travay men lòm.

[16] Yo gen bouch, men yo pa pale; Yo gen je, men yo pa wè.

[17] Yo gen zòrèy, men yo pa tande; Yo pa gen souf nan bouch yo.

[18] Moun ki fabrike yo sanble ak yo, Tout moun ki mete konfyans nan yo, se konsa yo ye.

[19] Moun kay Izrayèl, beni Letènèl! Moun kay Aawon, beni Letènèl!

[20] Moun kay Levi, beni Letènèl! Nou menm ki gen krentif pou Letènèl, beni Letènèl!

[21] Beniswa Letènèl depi Siyon, Li menm ki abite Jerizalèm! Louwe Letènèl!

Liv Sòm Yo — Chapters