Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:49

[1] Pou Maestwo koral la. Sou «Flèdelis.» Yon temwayaj Asaf. Yon sòm.

[2] O bèje Izrayèl la, pare zòrèy ou. Ou menm ki kondui Jozèf tankou yon twoupo. Ou menm ki chita nan mitan cheriben yo, Fè limyè klere.

[3] Reveye fòs ou devan Efrayim, Benjamen ak Manase, Mache pou vin delivre nou.

[4] O Bondye, leve nou ankò. Fè limyè fas ou klere pou nou delivre.

[5] Letènèl, Dye dèz ame! Jis kilè w ap sispann fache Kont lapriyè pèp ou a?

[6] Ou nouri yo ak pen dlo nan je, Ou bay yo bwè anpil dlo nan je.

[7] Ou fè nou tounen yon dispit pou vwazen nou yo. Lènmi nou yo ap pase nou nan rizib.

[8] Dye dèz ame, leve nou ankò. Fè limyè fas ou klere pou nou delivre.

[9] Ou te rache yon pye rezen nan Lejip. Ou te chase nasyon yo pou plante l.

[10] Ou te fè plas pou li. Li te plonje rasin li fon, li ranpli peyi a.

[11] Montay yo te kouvri ak lonbraj li. Branch li yo te tankou pye sèd Bondye yo.

[12] Li te tann branch li yo jis rive nan lanmè, Boujon l yo te rive jis nan flèv la.

[13] Pou kisa ou kraze miray li, Pou tout moun k ap pase nan chemen ka keyi l?

[14] Yon kochon nan bwa ravaje l, Bèt savann devore l.

[15] O Dye dèz ame yo, tanpri, tounen! Depi nan syèl la, gade epi wè! Vizite pye rezen sa a.

[16] Pwoteje sa w te plante ak men dwat ou, Pitit ou te tabli pou ou a.

[17] Yo koupe l, yo boule l nan dife. Yo peri devan w, ou menm ki menase yo.

[18] Mete men sou moun ki adwat ou a, Sou pitit moun ou te tabli pou ou a;

[19] E nou p ap mache lwen ou ankò. Fè nou viv ankò, e n ap envoke non ou.

[20] Letènèl, Dye dèz ame, leve nou ankò. Fè limyè fas ou klere pou nou delivre.

Liv Sòm Yo — Chapters