Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 3:08

[1] Pou Maestwo koral la. Sou Jedoutoun. Yon sòm Asaf.

[2] Vwa mwen monte jwenn Bondye, e m ap kriye. Vwa mwen monte jwenn Bondye, e li tande m.

[3] Nan jou detrès mwen, mwen chèche Senyè a. Lannuit, men m lonje san l pa fatige, Nanm mwen refize tout konsolasyon.

[4] Mwen sonje Bondye, mwen jemi. Mwen medite, epi lespri m afebli. – Poze!

[5] Ou kenbe popyè je m louvri. Mwen twouble, e m pa ka pale.

[6] Mwen panse a jou ki pase yo, Ak ane ki pase lontan yo.

[7] Lannuit mwen sonje kantik mwen an, Mwen medite nan kè mwen, Mwen egzamine nan lespri mwen.

[8] Èske Senyè a voye m jete pou tout tan? Èske l ap janm fè m favè li ankò?

[9] Èske li sispann bonte li pou tout tan? Èske pawòl li fini jenerasyon apre jenerasyon?

[10] Èske Bondye bliye fè gras? Nan kòlè li, èske li retire konpasyon li? – Poze!

[11] Epi mwen di: «Men sa ki fè m soufri: Men dwat Bondye Trè wo a pa menm jan an ankò.»

[12] M ap sonje zèv Letènèl yo, Paske, mwen sonje mèvèy ou yo nan tan lontan.

[13] M ap medite sou tout zèv ou yo, M ap reflechi sou gwo travay ou fè yo.

[14] O Bondye, chemen ou yo sen. Ki dye ki gran tankou Bondye?

[15] Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè konnen pisans ou nan mitan pèp yo.

[16] Ou rachte pèp ou ak ponyèt ou, Pitit Jakòb ak pitit Jozèf yo. – Poze!

[17] Dlo yo wè w, Bondye, dlo yo wè w, Yo tranble, Abim yo ajite.

[18] Nyaj yo vèse dlo. Syèl la fè tande vwa li. Wi, flèch ou yo vole pasi pala.

[19] Kout loraj sonnen nan toubiyon yo. Zeklè yo briye sou lemonn. Latè ajite, li tranble.

[20] Ou fè chemen w nan mitan lanmè yo, Yon wout nan mitan gwo dlo yo. Epoutan, yo pa wè tras ou.

[21] Ou gide pèp ou a tankou yon twoupo Avèk men Moyiz ak Aawon.

Liv Sòm Yo — Chapters