Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:31

[1] Kantik eskalye yo. Mwen leve je m, mwen gade mòn yo. Kote sekou mwen ap soti?

[2] Sekou m ap soti nan Letènèl, Li menm ki kreye syèl la ak tè a.

[3] Li p ap kite pye ou glise, Sila a k ap veye sou ou a p ap kabicha.

[4] Gade! Li p ap kabicha, li p ap dòmi, Sila a k ap veye sou Izrayèl la.

[5] Letènèl se sila a k ap veye sou ou, Letènèl se lonbraj sou bò dwat ou.

[6] Lajounen, solèy la p ap frape ou, Lannuit, lalin nan p ap frape ou.

[7] Letènèl ap veye sou ou kont tout malè, L ap veye sou lavi ou.

[8] Letènèl ap veye soti w ak antre w, Depi kounye a ak pou tout tan.

Liv Sòm Yo — Chapters