Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:37

[1] Se yon Sòm David. Fè m jistis, Letènèl! Paske, m ap mache nan entegrite. Se nan Letènèl mwen konfye m, mwen p ap bite.

[2] Letènèl, sonde m epi teste m. Egzamine ren mwen ak kè mwen.

[3] Paske, favè ou devan je m, Epi mwen mache nan verite ou.

[4] Mwen pa chita ansanm ak moun ki fo. Mwen pa mache ak moun ipokrit.

[5] Mwen rayi asanble moun k ap fè mal yo. Mwen pa chita ansanm ak mechan yo.

[6] Nan inosans mwen, mwen lave men mwen. Letènèl, mwen pral fè tou lotèl ou a,

[7] Pou m fè tande bri remèsiman mwen, Epi rakonte tout mèvèy ou yo.

[8] Letènèl, mwen renmen kay kote ou rete a, Lye kote glwa ou abite.

[9] Pa ranmase nanm mwen ak pechè yo, Ni lavi m avèk sanginè yo,

[10] Moun ki gen krim nan men yo, Moun ki gen kado nan men dwat yo.

[11] Mwen menm, m ap mache nan entegrite. Delivre m, epi gen pitye pou mwen.

[12] Pye m fèm nan ladwati. M ap beni Letènèl nan asanble yo.

Liv Sòm Yo — Chapters