Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 3:07

[1] Pou Maestwo koral la. Yon sòm pitit Kore yo.

[2] Nou tout, pèp, tande sa. Pare zòrèy nou, nou tout, abitan nan lemonn.

[3] Piti kou gran, Rich kou pòv!

[4] Bouch mwen pral pale pawòl lasajès. Kè m pral medite panse ki gen bon sans.

[5] Mwen pare zòrèy mwen pou yon pwovèb. M ap kòmanse pwezi m nan sou yon hap.

[6] Poukisa pou m ta pè nan jou malè, Lè inikite lènmi m yo antoure m?

[7] Yo kwè nan byen yo, Yo mete glwa yo nan pil richès yo.

[8] Youn pa ka rachte yon lòt. Ni yo pa ka bay Bondye pri racha yo.

[9] Racha nanm yo koute chè. Sa p ap janm rive.

[10] Èske lòm ap viv pou tout tan, San l pa wè simityè?

[11] Paske, y ap wè sa: moun ki saj mouri; Ni moun fou, ni moun ki egare mouri menm jan an. Epi yo kite byen yo pou lòt moun.

[12] Yo panse kay yo ap la pou tout tan, Yo panse kote yo rete a ap la jenerasyon apre jenerasyon, Yo menm ki rele tè yo daprè non yo.

[13] Epoutan, moun ki gen onè pa rete. Li sanble ak bèt y ap degòje.

[14] Se chemen yo sa, se foli yo. Moun k ap suiv yo rejwi nan pawòl yo. – Poze!

[15] Tankou mouton, yo mete yo nan peyi-mò. Yo tounen manje lanmò. Nan maten moun ki dwat yo pilonnen yo anba pye. Bèl kou yo bèl, yo disparèt, epi se peyi-mò ki tounen kay yo.

[16] Men, Bondye ap rachte nanm mwen anba pouvwa peyi-mò. Paske, l ap resevwa m. – Poze!

[17] Pa pè, lè yon nonm vin rich, Lè richès ap miltipliye lakay li.

[18] Paske, li pa pote anyen ale, lè li mouri. Richès li pa desann avè l.

[19] Li ka kwè l beni pandan lavi l. Moun va fè lwanj pou ou pou plezi ou te fè tèt ou.

[20] Malgre sa, ou prale kote paran w yo, Yo menm ki p ap janm wè limyè ankò.

[21] Epoutan moun ki gen onè, men ki pa gen konprann, Li sanble ak bèt y ap degòje.

Liv Sòm Yo — Chapters