[1] Yon sòm David. Letènèl, koute priyè mwen, Tande kri mwen yo! Reponn mwen nan fidelite w ak jistis ou!
[2] Pa antre nan jijman ak sèvitè ou! Paske, pa gen pèsonn k ap viv ki jis devan ou.
[3] Lènmi an pousuiv nanm mwen, Li foule lavi m atè, Li fè m abite nan fènwa, Tankou moun ki mouri depi lontan.
[4] Nanm mwen depafini anndan m, Kè m twouble nan mwen.
[5] Mwen sonje tan lontan, Mwen medite sou tout zèv ou yo, Mwen reflechi sou travay men ou.
[6] Mwen tann men m ba ou, Nanm mwen swaf ou Tankou yon tè sèk. – Poze!
[7] Letènèl, prese reponn mwen! Lespri m ap depafini. Pa kache fas ou pou mwen! San sa, m ap sanble ak moun k ap desann nan twou.
[8] Depi granmaten, fè m tande bonte ou, Paske, mwen mete konfyans mwen nan ou. Fè m konnen chemen kote m dwe mache a, Paske, mwen leve nanm mwen ba ou.
[9] Letènèl, delivre m anba lènmi m yo! Se bò kote w m ap chèche refij.
[10] Montre m fè volonte ou, Paske, ou se Bondye mwen. Se pou bon Lespri ou kondui m sou yon tè plat.
[11] Letènèl, poutèt non ou, fè m viv ankò; Nan jistis ou, retire nanm mwen anba detrès.
[12] Nan bonte ou, elimine lènmi m yo, Detui tout moun k ap peze lavi m yo; Paske, mwen se sèvitè ou.