[1] Yon kantik Asaf. Pèp mwen, tande enstriksyon mwen, Pare zòrèy nou pou n tande pawòl bouch mwen.
[2] M ap louvri bouch mwen pou m pale an parabòl. M ap deklare istwa difisil tan lontan yo,
[3] Bagay nou te konn tande, bagay nou te konnen, Bagay papa nou te konn rakonte nou.
[4] Nou p ap kache pitit yo sa. N ap rakonte jenerasyon k ap vini an lwanj Letènèl, Pisans li ak mèvèy li te fè.
[5] Paske, li te mete yon temwayaj nan Jakòb, Li pase yon lwa ann Izrayèl, Li bay zansèt nou yo lòd pou yo montre pitit yo l.
[6] Konsa jenerasyon k ap vini an, Timoun ki gen pou fèt ap konnen. Lè yo grandi, y a rakonte l bay pitit yo,
[7] Pou yo ka mete konfyans yo nan Bondye, Pou yo pa bliye zèv Bondye yo, Pou yo ka obsève kòmandman li yo.
[8] Konsa, yo p ap tankou zansèt yo, Yon jenerasyon kou rèd, ki rebèl, Yon jenerasyon ki pa dwat nan kè yo, Ki pa fidèl nan lespri yo devan Bondye.
[9] Pitit Efrayim yo ki ame, ki konn tire flèch, Nan jou batay la, yo vire do yo, y ale.
[10] Yo pa kenbe alyans Bondye a, Yo refize mache daprè lalwa Bondye a.
[11] Yo bliye zèv Bondye yo, Yo bliye mèvèy li te montre yo.
[12] Li te konn fè mirak devan zansèt yo, Nan Lejip, nan savann Zoan.
[13] Li fann lanmè pou l fè yo pase. Li fè dlo yo kanpe tankou yon miray.
[14] Li gide yo ak yon nyaj lajounen. Li gide yo ak yon limyè dife tout lannuit.
[15] Li fann gwo woche nan dezè a, Pou l ba yo bwè dlo ann abondans, tankou fon lanmè.
[16] Li fè sous dlo soti nan gwo woche a, Li fè dlo desann tankou larivyè.
[17] Men, yo kontinye peche kont li. Yo kontinye fè rebèl kont Bondye Trè wo a nan dezè a.
[18] Yo tante Bondye nan kè yo, Lè yo mande l manje daprè lanvi yo.
[19] Yo pale kont Bondye, yo di: Èske Bondye ka pare yon tab nan dezè a?
[20] Gade! Li frape gwo woche a, dlo koule a flo. Rivyè koule a flo. Èske Bondye ka bay pen tou? Èske Bondye ka pare vyann pou pèp li?
[21] Lè Letènèl tande yo, li fè yon gwo kòlè; Yon dife limen kont Jakòb, Kòlè Bondye monte kont Izrayèl tou.
[22] Paske, yo pa t kwè nan Bondye, Yo pa t mete konfyans yo nan delivrans li.
[23] Epoutan, li kòmande nyaj yo anwo, Li louvri pòt syèl la.
[24] Kòm manje, li fè lamàn tonbe tankou lapli sou yo. Li ba yo pen ki soti nan syèl.
[25] Yo chak te manje pen zanj, Li voye manje ann abondans pou yo.
[26] Li fè yon van lès soufle nan syèl la. Nan pisans li, li fè van sid soufle.
[27] Li fè yon lapli vyann tonbe tankou pousyè. Li fè zwazo ki gen zèl tonbe tankou sab bò lanmè.
[28] Li fè yo tonbe nan mitan kan yo, Toutotou kote yo rete a.
[29] Yo manje, yo rasazye ann abondans. Li ba yo sa yo te anvi.
[30] Yo pa t ko sastisfè move lanvi yo, Manje a te nan bouch yo toujou,
[31] Lè kòlè Bondye monte kont yo, Li tiye moun ki te pi gwo yo; Li vide jèn gason Izrayèl yo atè.
[32] Malgre sa, yo kontinye peche toujou, Yo pa t kwè nan mèvèy li yo.
[33] Tankou yon vapè, Bondye mete fen nan jou yo, Nan yon dezas sanzatann, li mete fen nan ane yo.
[34] Lè Bondye te tiye kèk nan yo, yo chèche Bondye, Yo repanti, yo tounen jwenn Bondye,
[35] Yo vin sonje Bondye se woche yo, Yo vin sonje Bondye Trè Wo a se liberatè yo.
[36] Men, yo te vle sedui Bondye nan pawòl yo, Yo ba l manti ak lang yo.
[37] Paske, kè yo pa t byen dispoze devan Bondye, Yo pa t fidèl nan alyans li.
[38] Malgre sa, li gen konpasyon pou yo, Li padone peche yo, li pa detui yo. Anpil fwa li detounen kòlè li, Li pa reveye tout kòlè li.
[39] Bondye vin sonje se chè ase yo ye. Yon souf ki ale men, ki pa tounen.
[40] Se pa ni de ni twa fwa yo fè rebèl kont li nan dezè a, Se pa ni de ni twa fwa yo fè l lapenn nan savann sèch la.
[41] Yo pa sispann tante Bondye, Yo pa sispann pwovoke Bondye sen Izrayèl la.
[42] Yo pa sonje pisans li, Ni jou li te delivre yo anba lènmi;
[43] Ni mirak li te fè ann Ejip yo, Ni mèvèy li yo nan savann Zoan.
[44] Li chanje flèv Nil yo a an san, Yo pa t ka bwè dlo a.
[45] Li voye mouchavè kont yo pou devore yo, Li voye krapo ki detui yo.
[46] Li lage rekòt yo anba krikèt abe, Li lage fwi travay yo anba krikèt azil.
[47] Li tiye jaden rezen yo ak lagrèl, Li tiye pye sikomò yo ak fredi.
[48] Li livre bèt domestik yo anba lagrèl, Li livre twoupo yo anba kout loraj.
[49] Li voye flanm kòlè li sou yo, Kòlè, endiyasyon ak detrès, Yon bann zanj malè.
[50] Li fè yon chemen pou kòlè li, Li pa t epànye lavi yo anba lanmò, Li livre yo anba maladi pès.
[51] Li tiye tout premye pitit moun Lejip yo, Premye fwi kouraj anba tant Kam yo.
[52] Li fè pèp li soti tankou mouton, Li kondui yo tankou yon twoupo nan dezè a.
[53] Li kondui yo sen e sof, yo pa tranble. Lanmè a te kouvri lènmi yo.
[54] Li mennen yo jis nan fwontyè peyi li ki sen, Nan montay li te pran ak men dwat li.
[55] Li chase nasyon yo devan yo, Li bay yo l kòm eritaj. Se nan tant yo li fè tribi Izrayèl yo abite.
[56] Men, yo tante Bondye Trè wo a, Yo revòlte kont li, Yo pa t kenbe temwayaj li yo.
[57] Yo vire do yo, yo trayi l tankou zansèt yo, Yo devye tankou yon flèch ki pèdi direksyon.
[58] Yo pwovoke l ak mòn sakre yo. Yo eksite jalouzi l ak imaj taye.
[59] Bondye te tande, li fache, Li voye Izrayèl jete byen lwen.
[60] Li abandone tabènak li Silo, Tant kote l te abite nan mitan moun yo.
[61] Li livre fòs pou yo mennen l nan kaptivite. Li kite glwa li nan men lènmi yo.
[62] Li livre pèp li anba epe, Li fache kont eritaj li a.
[63] Dife devore jèn gason yo, Yo pa fè fèt pou fi ki vyèj yo.
[64] Sakrifikatè yo tonbe anba epe, Vèv yo pa kriye pou yo.
[65] Senyè a reveye tankou yon moun ki t ap dòmi, Tankou yon vanyan gason ki pote laviktwa sou diven.
[66] Li frape advèsè l yo ki pran kouri, Li kouvri yo ak lawont ki la pou tout tan.
[67] Epoutan, li voye tant Jozèf la jete, Li pa t chwazi tribi Efrayim nan.
[68] Men, li chwazi tribi Jida, Mòn Siyon li renmen an.
[69] Li bati sangtyè li tankou kote ki byen wo, Tankou latè li te tabli pou tout tan an.
[70] Li chwazi David, sèvitè li, Li te retire l dèyè twoupo yo.
[71] Li retire l dèyè mouton ki te nan tete, Pou l pran swen Jakòb, pèp li, Izrayèl, eritaj li.
[72] David pran swen yo ak tout kè li, Li kondui l avèk men ki abil.