[1] Pou Maestwo koral la. Yon sòm David.
[2] Letènèl, wa a kontan nan fòs ou. Ala rejwi li rejwi anpil nan delivrans ou!
[3] Ou te ba li sa kè l te dezire. Ou pa t refize l rekèt li te fè ak bouch li. – Poze!
[4] Ou vin jwenn li ak benediksyon bonte ou. Ou mete yon kouwòn lò fen sou tèt li.
[5] Li mande w lavi, ou ba li l, Anpil jou pou le tan e letènite.
[6] Glwa li gran poutèt delivrans ou. Ou poze onè ak grandè sou li.
[7] Ou mete benediksyon w sou li pou tout tan. Ou ranpli l ak jwa nan prezans ou.
[8] Paske, wa a kwè nan Letènèl. E, grasa bonte Bondye souvren an, li p ap bite.
[9] Tout lènmi w yo ap jwenn ak men ou. Moun ki rayi w yo ap jwenn ak men dwat ou.
[10] Jou w parèt la, W ap fè yo tounen tankou yon founèz dife. Letènèl ap anglouti yo nan kòlè l, epi dife ap devore yo.
[11] W ap detui ras yo sou latè. W ap detui desandans yo pami pitit lèzòm.
[12] Malgre yo pare mechanste pou ou, Malgre yo fè plan, Yo p ap reyisi.
[13] Paske w ap fè yo fè bak. W ap vize figi yo ak banza ou.
[14] Leve, Letènèl, montre fòs ou. N ap chante, epi n ap selebre pisans ou.