Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:05

[1] Yon Sòm pitit Kore yo. Kantik. Vil Siyon fonde nan mitan montay ki sen yo.

[2] Letènèl renmen pòtay Siyon yo Plis pase tout abitasyon Jakòb yo.

[3] Yo pale bagay ki ranpli ak glwa sou ou, Ou menm, vil Bondye a. – Poze!

[4] M ap fè sonje Raab ak Babilòn pami moun ki konnen m yo. Gade! Filisti, Ti ak Letyopi, Se la yo te fèt.

[5] Konsènan Siyon y ap di: Sa a oubyen lòt la te fèt la. Se Trè Wo a ki tabli l.

[6] Letènèl konte pandan l ap enskri pèp yo. Se la yo te fèt. – Poze!

[7] Moun k ap chante tankou moun k ap danse di: Tout sous mwen yo, se nan ou.

Liv Sòm Yo — Chapters