Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:49

[1] Sila a ki rete nan abri Bondye Trè Wo a Repoze nan lonbraj Toupisan an.

[2] Mwen di Letènèl: Ou se refij mwen, fòtrès mwen, Bondye m mwen konfye m nan li a.

[3] Wi, l ap delivre ou anba pyèj moun k ap tann pèlen, Anba lapès k ap fè ravaj.

[4] L ap kouvri ou anba plim li, W ap jwenn refij anba zèl li. Fidelite l se yon boukliye ak yon kuiras.

[5] Ou p ap pè latèrè lannuit Ni flèch k ap vole lajounen,

[6] Ni lapès k ap mache nan fènwa, Ni epidemi k ap tiye moun gwo midi.

[7] Menm si mil tonbe a kote w, E dimil adwat ou, Anyen p ap rive pre w.

[8] W ap gade ak je w sèlman, W ap wè pinisyon mechan yo.

[9] Paske, Letènèl, ou se refij mwen, – Ou fè Bondye Trè Wo a tounen refij ou. –

[10] Okenn malè p ap rive w, Okenn flo p ap pwoche bò tant ou.

[11] Paske, l ap pase zanj li yo lòd Pou yo veye w nan tout chemen w.

[12] Yo va pote w nan men, Dekwa pou pye w pa bite sou wòch.

[13] W ap mache sou lyon ak sou sèpan, W ap pilonnen jèn lyon ak gwo sèpan.

[14] Dèske li renmen m, m ap delivre l, M ap leve l wo dèske li konnen non mwen.

[15] L ap envoke m, m ap reponn li, M ap avè l nan detrès, M ap delivre l, m ap onore l.

[16] M ap fè l rasazye ak jou ki long, M ap fè l wè delivrans mwen.

Liv Sòm Yo — Chapters