Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:52

[1] Kantik. Yon sòm pitit Kore yo. Pou maestwo koral la. Pou chante sou flit. Yon kantik Eman, moun Ezra.

[2] Letènèl, Bondye delivrans mwen, Lajounen kou lannuit m ap kriye devan ou.

[3] Kite priyè m rive devan ou, Pare zòrèy ou pou tande kri mwen.

[4] Paske, nanm mwen rasazye ak malè, Lavi m rive tou pre peyi-mò.

[5] Yo konte m nan ran moun k ap desann nan fòs, Mwen tankou yon moun ki pa gen fòs.

[6] Mwen lage nan mitan moun ki mouri, Tankou moun yo tiye, ki kouche nan kavo, Moun ou pa sonje ankò yo. Moun yo retire nan men ou.

[7] Ou mete m nan yon twou ki fon. Nan fènwa, nan labim yo.

[8] Kòlè ou peze lou sou mwen, Ou aflije m ak tout vag ou yo. – Poze!

[9] Ou fè moun ki konnen m yo rete lwen mwen. Ou fè m tounen yon abominasyon pou yo. Mwen fèmen, mwen pa ka soti.

[10] Je m febli afòs mwen aflije. O Letènèl, mwen rele w chak jou, Mwen louvri men m ba ou.

[11] Èske ou fè mirak pou mò yo? Èske mò yo leve pou yo louwe w? – Poze!

[12] Èske yo pale de bonte ou nan kavo? Èske yo pale de fidelite w nan pouriti?

[13] Èske yo fè konnen mirak ou yo nan fènwa? Èske yo pale de jistis ou nan peyi kote moun bliye?

[14] Men, mwen menm, Letènèl, m ap mande ou sekou. Nan maten priyè m monte devan ou.

[15] Letènèl, poukisa ou repouse nanm mwen? Poukisa ou kache fas ou pou mwen?

[16] Mwen malere, mwen prèt pou m mouri depi lè m te jèn. Mwen chaje ak latèrè ou yo, mwen twouble.

[17] Flanm kòlè w yo pase sou mwen. Latèrè ou yo fè m tounen anyen.

[18] Tout lajounen yo antoure m tankou dlo; Yo tout vlope m yon sèl kou.

[19] Ou fè moun ki renmen m yo, zanmi m yo, rete lwen mwen, Tout sa ki zanmi m, se fènwa.

Liv Sòm Yo — Chapters