[1] Letènèl, se nan ou mwen chèche refij mwen. Pa janm kite m wont.
[2] Sove m, delivre m nan jistis ou. Panche zòrèy ou bò kote m e sove m.
[3] Se pou w devni woche kote pou m kache, Yon kote mwen ka toujou vini. Ou te bay lòd pou m ka delivre; Paske, ou se woche mwen, ou se fòtrès mwen.
[4] O Bondye, delivre m anba men mechan, Anba men moun k ap fè lenjistis ak moun ki kriyèl.
[5] Paske, Senyè, ou se espwa mwen. Letènèl, depi m te jèn mwen mete konfyans mwen nan ou.
[6] Depi nan vant, se sou ou m apiye m, Se ou menm ki te fè m soti nan vant manman m, Se ou menm m ap louwe san rete.
[7] Mwen tankou yon mèvèy pou anpil moun, Paske, se ou menm ki refij pisan mwen.
[8] Se pou bouch mwen plen ak lwanj, Se pou bouch mwen plen ak majeste ou chak jou.
[9] Pa voye m jete lè m vin vye, Pa abandone m lè fòs mwen kite m.
[10] Paske, lènmi m yo ap pale m mal. Moun k ap veye pou pran lavi m yo ap fè konplo ansanm.
[11] Yo di: Bondye abandone l. Rapousuiv li, kenbe l. Pa gen pèsonn pou delivre l.
[12] O Bondye, pa rete lwen mwen, Prese vin pote m sekou.
[13] Moun ki rayi lavi m yo, Se pou yo wont, se pou yo fini nèt. Se pou wont ak dezonè vlope yo, Moun k ap chèche malè pou mwen yo.
[14] Men, m ap toujou gen esperans, M ap louwe ou deplizanpli.
[15] Chak jou, bouch mwen va rakonte jistis ou ak delivrans ou. Paske, mwen pa konnen ki kantite yo ye.
[16] M ap vin rakonte pisans Senyè a, pisans Letènèl. M ap fè sonje jistis ou, jistis ou sèlman.
[17] O Bondye, ou te enstui m depi lè m te jèn. Jiska prezan, m ap anonse mèvèy ou yo.
[18] O Bondye, pa abandone m, Menm nan vyeyès mwen, lè cheve m blanchi, Pou m ka fè konnen fòs ou nan jenerasyon sa a, Pisans ou pou moun k ap vini yo.
[19] O Bondye, jistis ou rive byen wo, Ou fè gwo bagay. O Bondye, kilès ki tankou w?
[20] Ou fè nou wè anpil detrès ak malè. Men, w ap ban nou lavi ankò. W ap fè nou monte soti ankò nan labim latè.
[21] Ogmante grandè mwen, Tounen pou konsole m.
[22] E mwen menm tou, m ap louwe ou ak son hap. Bondye mwen, m ap louwe fidelite ou, O Bondye sen Izrayèl la, m ap chante pou ou ak son hap.
[23] Menm jan ak nanm mwen ou rachte a, Bouch mwen va kontan anpil lè m ap chante pou ou.
[24] Lang mwen va rakonte jistis ou tou. Paske, moun k ap chèche malè m yo ap wont, y ap nan konfizyon.