Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:30

[1] Fè m jistis, Bondye. Defann kòz mwen kont yon nasyon ki pa fidèl. Delivre m anba moun k ap twonpe moun, moun k ap bay manti.

[2] Paske, se ou, Bondye, k ap pwoteje mwen. Poukisa ou voye m jete? Poukisa mwen dwe mache nan tristès, Anba lènmi k ap peze m nan?

[3] Voye limyè ou ak verite w. Se pou yo gide m. Se pou yo mennen m nan montay ou a ki sen epi nan tabènak ou yo.

[4] Mwen prale nan lotèl Bondye a, Nanm mwen, poukisa w ap depafini epi w ap jemi anndan m? Mete espwa ou nan Bondye, paske, m a louwe l ankò. Li se delivrans, Bondye mwen. Ki se lajwa mwen ak rejwisans mwen. O Bondye, Bondye mwen, m ap louwe ou avèk hap.

[5] Nanm mwen, poukisa w ap depafini epi w ap jemi anndan m? Mete espwa ou nan Bondye, paske, m a louwe l ankò. Li se delivrans mwen, Bondye mwen.

Liv Sòm Yo — Chapters