[1] Yon chan David. Prezève m, Bondye! Paske, se nan ou m ap chèche refij.
[2] Mwen di Letènèl: Ou se Senyè mwen. Se ou ki tout byen mwen.
[3] Kanta pou moun ki sen yo ki nan peyi a, Moun debyen yo, se nan yo menm mwen pran tout plezi m.
[4] Moun k ap kouri dèyè lòt dye, Soufrans yo gen pou miltipliye. Mwen p ap mele nan ofrann san bèt yo, Ni tou mwen p ap nonmen non yo sou lèv mwen.
[5] Letènèl, ou se pòsyon pa m nan, Ou se gode mwen. Se ou ki garanti pòsyon tè pa m nan.
[6] Liy lan byen tonbe pou mwen, nan bèl lizyè. Ala yon bèl eritaj ki vin pou mwen!
[7] M ap beni Letènèl ki konseye m. Menm lannuit konsyans mwen egzòte m.
[8] Mwen fè wè Letènèl tout tan devan mwen. Paske, li adwat mwen pou mwen pa brannen.
[9] Se poutèt sa kè mwen kontan, lespri m rejwi anpil, Menm kò mwen va repoze nan sekirite.
[10] Paske, ou p ap abandone nanm mwen nan peyi-mò. Ou p ap kite sen w lan tounen pouriti nonplis.
[11] W ap fè m konnen chemen lavi a. Avèk prezans ou, ou va plen m ak lajwa. Adwat ou, se plezi pou tout tan.