Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:12

[1] Kantik eskalye yo. Depi nan fon labim, Mwen envoke ou, Letènèl.

[2] Senyè, tande vwa mwen! Pare zòrèy ou Pou tande son plent mwen yo!

[3] Senyè, Letènèl, si pou w ta konte inikite, Ki moun ki t ap ka kanpe?

[4] Men, gen padon bò kote w, Pou moun ka gen krentif pou ou.

[5] Mwen met espwa m nan Letènèl, nanm mwen gen espwa; M ap tann pwomès li.

[6] Nanm mwen konte sou Senyè a, Plis pase gad yo konte sou maten, Wi, plis pase gad yo konte sou maten.

[7] Izrayèl, mete espwa ou nan Senyè a! Paske, se bò kote Letènèl bonte ye; Gen anpil delivrans bò kote li.

[8] Se li menm k ap rachte Izrayèl, Nan tout inikite l yo.

Liv Sòm Yo — Chapters