Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:33

[1] Se yon chan lamantasyon David te chante bay Senyè a poutèt pawòl Kouch, moun branch fanmi Benjamen an.

[2] Letènèl, Bondye mwen, se nan ou menm m ap chèche refij. Sove m anba tout moun k ap pousuiv mwen yo; delivre m,

[3] Osinon, y ap dechire m tankou yon lyon K ap devore san pa gen pèsonn pou delivre.

[4] Letènèl, Bondye mwen, si m te fè sa vre, Si men m gen lenjistis ladan yo,

[5] Si m te fè moun k ap viv an pè avè m mal, Si m te dechèpiye moun ki pèsekite m san rezon,

[6] Se pou lènmi m pousuiv mwen jis li kenbe m. Se pou l pilonnen lavi m atè, Epi se pou l lakòz onè m rete nan pousyè. – Poze!

[7] Nan kòlè w, leve, Letènèl! Kanpe kont raj advèsè m yo. Reveye w pou mwen; ou te anonse yon jijman.

[8] Kite kominote nasyon yo antoure w toupatou, Epi retounen anwo pou w ka sou tèt yo.

[9] Letènèl ap jije nasyon yo: Fè m jistis, Letènèl, Daprè jistis mwen, daprè inosans mwen.

[10] Tanpri, mete yon fen nan move zak mechan yo. Men, Bondye ki jis la, ou menm ki sonde kè ak ren, Fè moun ki jis la vin fèm.

[11] Se nan Bondye boukliye mwen ye, Se li menm ki sove moun ki gen kè yo dwat.

[12] Bondye se yon jij ki jis; Li fache chak jou.

[13] Si mechan an pa repanti, Bondye ap file epe l; L ap detire banza li, epi l ap vize l.

[14] Li prepare zam lanmò sa yo pou li. Li fè flèch li yo limen dife.

[15] Gade! Mechan an gen tranche lenjistis! Li ansent mechanste, epi li akouche manti.

[16] Li fè yon twou. Se li ki fouye li, Epi se li ankò ki tonbe nan twou li te fouye a.

[17] Zak l la tonbe sou pwòp tèt li. Wi, vyolans li a retounen tonbe sou tèt li.

[18] M ap louwe Letènèl, poutèt jistis ou. M ap chante non Letènèl, Trè Wo a.

Liv Sòm Yo — Chapters