Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:52

[1] Pou Maestwo koral la. Yon kantik pitit Kore yo. Sou alamòt.

[2] Bondye se yon refij, se yon api pou nou, Yon sekou ki toujou la, lè moun nan detrès.

[3] Se poutèt sa nou pa pè lè latè boulvèse, Lè montay yo chavire tonbe nan mitan lanmè,

[4] Lè vag lanmè ap gwonde, lè y ap kimen, Lè yo gonfle jis yo fè montay yo tranble. – Poze!

[5] Gen yon flèv. Kouran l yo fè vil Bondye a kontan, Se tabènak ki apa pou Bondye Trè Wo a.

[6] Bondye nan mitan vil sa a; vil sa a p ap brannen. Bondye pote l sekou depi granmaten.

[7] Nasyon yo ajite, wayòm yo brannen. Bondye fè tande vwa li, epi latè fonn.

[8] Letènèl dèz ame avèk nou, Bondye Jakòb la se yon fòtrès pou nou. – Poze!

[9] Vini! Gade travay Letènèl yo byen. Gade ravaj li fè sou latè.

[10] Se li menm ki fè lagè sispann nan dènye bout latè. Li kraze banza, li kase lans, Li boule cha de gè nan dife.

[11] Sispann! Konnen mwen se Bondye! Mwen domine nasyon yo, mwen domine latè.

[12] Letènèl dèz ame avèk nou, Bondye Jakòb la se yon fòtrès pou nou. – Poze!

Liv Sòm Yo — Chapters