Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:03

[1] Pou maestwo koral la. Avèk enstriman ak kòd. Sou hap a uit kòd yo. Yon sòm David.

[2] Letènèl, pa pini m lè w fache, Pa chatye m lè w an kòlè.

[3] Fè m favè, Letènèl, paske mwen fèb! Geri m, Senyè, paske zo nan kò m yo ap tranble!

[4] Nanm mwen boulvèse anpil. Men, ou menm Letènèl, jis kilè?

[5] O Letènèl, tounen! Delivre nanm m! Sove m akòz bonte w.

[6] Paske pèsonn p ap sonje ou lè yo mouri. Ki moun ki pral fè louwe nan Peyi-mò?

[7] Mwen fin depafini tèlman m ap plenn. Tout lannuit mwen mouye kabann mwen ak dlo nan je m; Wi, ak dlo nan je m, mwen tranpe divan kote m kouche a.

[8] Je m depafini tèlman m gen lapenn; Je m fin vye anba tout moun k ap pèsekite m yo.

[9] Retire nou bò kote m, nou tout k ap fè sa ki mal, Paske Letènèl tande vwa m lè m kriye.

[10] Letènèl tande lè m ap sipliye l. Senyè a aksepte priyè m yo.

[11] Se pou tout lènmi yo wont, se pou yo boulvèse anpil. Se pou yo fè bak epi se pou yo wont sanzatann.

Liv Sòm Yo — Chapters