Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 3:33

[1] Yon sòm David. Letènèl, mwen leve nanm mwen ba ou.

[2] Bondye mwen, mwen konfye m nan ou. Pa kite m wont. Pa kite lènmi m yo rejwi sou mwen.

[3] Wi, tout moun ki met espwa yo nan ou p ap wont. Moun ki enfidèl san rezon yo pral wont.

[4] Letènèl, fè m konnen chemen w yo. Montre m wout ou yo.

[5] Kondui m nan laverite epi enstui m. Paske, ou se Bondye delivrans mwen. Mwen met espwa m nan ou tout lajounen.

[6] Letènèl, sonje konpasyon w ak favè ou, Paske yo la depi letènite.

[7] Pa sonje peche m lè m te jèn, ni fot mwen yo. Letènèl, sonje m daprè favè ou, akòz bonte w.

[8] Letènèl bon, epi li dwat; Se poutèt sa, li enstui pechè yo nan chemen an.

[9] Li kondui malere a nan ladwati. Li montre l chemen li.

[10] Tout wout Letènèl se favè ak fidelite, Pou moun ki kenbe alyans li ak temwayaj li.

[11] Letènèl! Poutèt non w, Padone inikite m, paske li gran.

[12] Ki moun ki gen krentif pou Letènèl? Letènèl montre l chemen li dwe chwazi a.

[13] Nanm li ap repoze nan bonè, Epi desandans li ap posede peyi a.

[14] Amitye Letènèl, se pou moun ki gen krentif pou li, Epi li fè yo konnen alyans li.

[15] Je m toujou ap gade Letènèl, Paske li rale pye m soti nan pyèj.

[16] Vire gade m epi fè m favè, Paske mwen sèl epi mwen malere.

[17] Soufrans kè m ogmante. Retire m nan detrès mwen.

[18] Gade mizè m ak lapenn mwen, Epi padone tout peche m yo.

[19] Gade jan lènmi m yo anpil. Se pa ti rayi yo rayi m ak vyolans.

[20] Kenbe nanm mwen epi delivre m. Pa kite wont, Paske, se nan ou mwen chèche refij.

[21] Se pou entegrite ak ladwati pwoteje m, Paske mwen met espwa m nan ou.

[22] O Bondye, delivre Izrayèl Nan tout detrès li yo.

Liv Sòm Yo — Chapters