Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:37

[1] Bò rivyè Babilòn, Nou te chita, n ap kriye Pandan n ap sonje Siyon.

[2] Nou te pandye hap nou Sou pye sikren nan zòn nan.

[3] La, moun ki te mennen nou nan kaptivite yo mande nou chante, Moun ki t ap gaspiye nou yo mande nou lajwa: Chante youn nan kantik Siyon yo pou nou!

[4] Kòman pou n ta chante kantik Letènèl Sou yon tè etranje?

[5] O Jerizalèm, si mwen bliye w, Se pou men dwat mwen bliye m!

[6] Si mwen pa ta sonje w, Si mwen pa mete Jerizalèm Pi wo pase pi gran jwa mwen, Se pou lang mwen kole nan fon bouch mwen!

[7] Letènèl, sonje pitit Edon yo Ki te di nan jou Jerizalèm nan: Kraze, kraze Jis nan fondasyon l!

[8] Pitit fi Babilòn ki pral detui a, Benediksyon pou moun ki aji avè w, Menm jan ou te aji avè nou an!

[9] Benediksyon pou moun ki pran pitit ou yo, Ki kraze yo sou woche a!

Liv Sòm Yo — Chapters