Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:31

[1] Yon sòm David. Letènèl se limyè mwen. Li se delivrans mwen. Ki moun pou m ta pè? Se Letènèl ki defans lavi mwen. Ki moun ki ka fè m tranble?

[2] Lè mechan ap vanse kont mwen Pou devore chè mwen, Se advèsè m yo ak lènmi m yo k ap bite; Se yo menm k ap tonbe.

[3] Menm si yon lame ta kanpe kont mwen, Kè mwen p ap pè anyen. Si lagè ta leve kont mwen, malgre sa, M ap toujou ranpli ak konfyans.

[4] Mwen mande Letènèl yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil. Mwen ta renmen abite lakay Letènèl pandan tout lavi m, Pou m kontanple grandè Letènèl, Epi pou m medite nan tanp li.

[5] Paske, l ap pwoteje m nan tabènak li nan jou malè, L ap kache m nan lye sekrè tant li; L ap leve m mete kanpe sou yon woche.

[6] Tèt mwen deja leve sou lènmi m yo ki antoure m. M ap ofri sakrifis nan tant li ak gran jwa. M ap chante, m ap jwe mizik pou Letènèl.

[7] Letènèl, tande vwa m, m ap rele ou. Gen pitye pou mwen, epi reponn mwen.

[8] Kè mwen di m konsènan Letènèl: Chèche fas li! M ap chèche fas ou, Letènèl.

[9] Pa kache fas ou pou mwen! Pa repouse sèvitè w la ak kòlè. Ou se sekou mwen. Pa kite m, pa abandone m, Bondye delivrans mwen.

[10] Menm si manman m ak papa m ta abandone, Letènèl ap ranmase m.

[11] Letènèl, montre m chemen ou. Kondui m nan chemen ladwati a, Poutèt lènmi m yo.

[12] Pa lage m pou advèsè m yo fè sa yo vle avè m. Paske, gen fo temwen ki kanpe kont mwen, Moun ki viv nan vyolans ase.

[13] O! Si m pa t asire mwen t ap wè bonte Letènèl Sou latè moun vivan yo! …

[14] Mete espwa w nan Letènèl! Pran kouraj, se pou kè w vin fèm! Mete espwa w nan Letènèl!

Liv Sòm Yo — Chapters