Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 7:30

[1] Yon kantik Etan, moun vil Ezra.

[2] M ap chante favè Letènèl yo pou tout tan, Bouch mwen ap fè konnen fidelite li jenerasyon apre jenerasyon.

[3] Paske, mwen di: Bonte li bati pou tout tan. Ou tabli fidelite ou nan syèl la.

[4] «Mwen fè alyans avèk moun mwen chwazi a, Mwen te fè David, sèvitè m nan, sèman;

[5] M ap tabli desandans ou pou tout tan, M ap bati twòn ou jenerasyon apre jenerasyon.» – Poze!

[6] O Letènèl, syèl yo ap selebre mèvèy ou yo, Y ap selebre fidelite w nan asanble moun ki sen yo.

[7] Paske, kilès ki ka konpare ak Letènèl nan syèl la? Kilès ki sanble avè w pami pitit Bondye yo?

[8] Bondye terib nan gran asanble moun ki sen yo. Li terib pou tout moun ki antoure l yo.

[9] Letènèl, Dye dèz ame, kilès ki pisan tankou ou, Letènèl? Fidelite ou antoure w.

[10] Ou donte lògèy lanmè; Lè vag yo monte, ou fè yo fè silans.

[11] Se ou menm ki te kraze Lejip tankou yon kadav, Ou gaye lènmi w yo ak fòs ponyèt ou.

[12] Syèl la se pou ou, latè se pou ou, Ou tabli lemonn ak tout sa ki ladan l.

[13] Ou kreye nò ak sid, Mòn Tabò ak mòn Èmon rejwi anpil nan non ou.

[14] Ou gen yon men ki gen pisans. Men ou fò, men dwat ou egzalte.

[15] Twòn ou chita sou jistis ak ladwati. Bonte ak fidelite kanpe devan fas ou.

[16] O Letènèl, benediksyon pou pèp ki konnen rejwisans, Yo mache nan limyè fas ou.

[17] Yo rejwi anpil nan non ou tout lajounen, Yo leve tèt yo nan jistis ou.

[18] Paske, ou se fyète fòs yo, Nan favè ou fòs nou ogmante.

[19] Paske, Letènèl se boukliye nou, Bondye sen Izrayèl la se wa nou.

[20] Lè sa a, ou pale ak fidèl ou yo nan yon vizyon, Ou di: Mwen te pote yon vanyan gason sekou, Mwen leve tèt yon vanyan gason nan mitan pèp la.

[21] Mwen jwenn David, sèvitè mwen, Mwen vide yon luil sakre sou li.

[22] Men mwen ap soutni li, Ponyèt mwen ap ba li fòs.

[23] Lènmi p ap souprann li, Pitit mechan p ap imilye l.

[24] M ap kraze advèsè l yo devan l, M ap frape moun ki rayi l yo.

[25] Fidelite m ak bonte m ap avè l. Fòs li ap ogmante nan non mwen.

[26] M ap mete men l sou lanmè a, M ap mete men dwat li sou rivyè yo.

[27] Li menm, l ap envoke m, l ap di: «Ou se papa m, Bondye mwen, woche delivrans mwen.»

[28] Mwen menm tou, m ap fè l vin premye pitit, Wa ki pi wo sou tout wa latè.

[29] M ap kenbe bonte mwen pou li pou letènite. Alyans mwen ap toujou kenbe pou li.

[30] M ap tabli desandans li pou tout tan, Twòn li ap dire tankou jou syèl la.

[31] Si pitit li yo abandone lalwa mwen, Si yo pa mache daprè règ mwen yo,

[32] Si yo vyole prensip mwen yo, Si yo pa obsève kòmandman mwen yo,

[33] M ap pini rebelyon yo ak baton, M ap pini inikite yo ak kou.

[34] Men, mwen pa p sispann bonte m pou li, Mwen p ap trayi fidelite mwen.

[35] Mwen p ap vyole alyans mwen, Mwen p ap chanje sa ki soti nan bouch mwen.

[36] Mwen sèmante yon sèl fwa nan sentete mwen: Mwen p ap bay David manti.

[37] Desandans li ap la pou letènite. Twòn li ap rete tankou solèy la devan m.

[38] Tankou lalin, m ap tabli l pou letènite, Temwen ki nan nyaj yo fidèl. – Poze!

[39] Epoutan, ou te rejte, ou te meprize, Ou te fache kont moun ou chwazi a.

[40] Ou te nye alyans ou te fè ak sèvitè ou, Ou te pwofane kouwòn li jis atè.

[41] Ou kraze tout miray li yo, Ou mete vil ki gen ranpa yo nan dezas.

[42] Tout moun k ap pase yo piye l. Li tounen yon lawont pou vwazen l yo.

[43] Ou leve men dwat advèsè l yo, Ou fè tout lènmi l yo rejwi.

[44] Epitou, ou fè pwent epe l fè bak. Ou pa t soutni l nan konba a.

[45] Ou sispann glwa li, Ou jete twòn li a tè.

[46] Ou fè jou jenès li vin kout, Ou kouvri l ak lawont. – Poze!

[47] O Letènèl, jis kilè w ap sispann kache san rete? Jis kilè kòlè w ap sispann boule tankou dife?

[48] Sonje kòman lavi m kout, Poukisa ou te kreye tout pitit lèzòm yo pou anyen?

[49] Ki moun ki ka viv san l pa wè lanmò? Ki moun ki ka delivre nanm li anba men peyi-mò? – Poze!

[50] Senyè, kote premye bonte ou yo, Bonte ou te sèmante bay David nan fidelite w yo?

[51] Senyè, sonje lawont sèvitè w yo; Anpil pèp fè lawont tonbe sou mwen.

[52] Letènèl, sonje lènmi w yo ki meprize, Ki meprize chemen moun ou chwazi a.

[53] Beniswa Letènèl pou tout tan! Amèn! Amèn!

Liv Sòm Yo — Chapters