Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:20

[1] Pou maestwo koral la. Sou gitit. Yon sòm pitit Kore yo.

[2] Letènèl dèz ame, Ala bèl tabènak ou yo bèl!

[3] Nanm mwen ap soupire, li swaf lakou Letènèl yo. Kè mwen ak kò mwen ap fè bri kontantman devan Bondye vivan an.

[4] Menm zwazo a jwenn yon kay, Iwondèl la jwenn yon nich pou l mete pitit li yo. Otèl ou yo, Letènèl dèz ame, Wa mwen, Bondye mwen!

[5] Benediksyon pou moun ki abite lakay ou, Yo toujou ka louwe ou. – Poze!

[6] Benediksyon pou moun ki gen fòs yo nan ou! Gen chemen ki tou trase nan kè yo.

[7] Lè y ap travèse plenn Baka, Yo transfòme l an fontèn dlo. Epitou lapli kouvri l ak benediksyon.

[8] Fòs yo pa sispann ogmante, Yo gen pou yo parèt devan Bondye nan Siyon.

[9] Letènèl, Dye dèz ame yo, tande priyè m. Bondye Jakòb la, pare zòrèy ou. – Poze!

[10] O Bondye, ou menm ki boukliye nou, wè! Gade moun ou chwazi a.

[11] Yon sèl jou nan lakou ou vo plis pase mil jou lòt kote. Mwen pito rete nan papòt Bondye m nan, Tan pou m ta rete anba tant mechanste.

[12] Paske, Letènèl Bondye se yon solèy, yon boukliye, Letènèl bay gras ak laglwa. Li pa refize bon bagay a moun ki mache san repwòch.

[13] Letènèl dèz ame, Benediksyon pou sila a ki konfye l nan ou.

Liv Sòm Yo — Chapters