Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:30

[1] Pou Maestwo koral la. Sou «Pa detui.» Yon sòm Asaf. Yon chan.

[2] N ap louwe ou, Bondye, n ap louwe ou, Paske, non ou tou pre; Mèvèy ou yo rakonte sa.

[3] Nan tan mwen fikse a, Se mwen menm k ap jije avèk jistis.

[4] Lè latè fonn ak tout sa ki abite ladan l, Se mwen menm ki fè poto l yo vin fèm. – Poze!

[5] Mwen di moun k ap vante tèt yo: Pa vante tèt nou! Mwen di mechan yo: Pa leve kòn nou!

[6] Pa leve kòn nou wo konsa, Pa pale ak kou rèd konsa.

[7] Paske, leve tèt pa soti ni an oryan ni ann oksidan, Li pa soti nan dezè.

[8] Paske, se Bondye k ap jije, Li bese yon moun, li leve yon lòt.

[9] Letènèl gen yon gode nan men l, Yon diven tou wouj ki plen melanj. Li vide l: Tout mechan yo souse, Yo bwè l jis nan dènye ma.

[10] Men, mwen menm, m ap toujou anonse bagay sa yo. M ap chante pou Bondye Jakòb la.

[11] M ap kraze tout kòn mechan yo, Kòn jis la ap monte pi wo.

Liv Sòm Yo — Chapters